Kreyòl Enfo, 6 novanm 2026.- Chèf gang katye Boston an, nan komin Site Solèy, moun plis konnen sou Matyas rann dènye souf li aprè midi vandredi a (6), daprè plizyè medya nan kapital la. Matyas te blese byen grav ak yon dwon, nan lanwit jedi 5 novanm nan, pandan li t ap patisipe nan yon fèt nan Boston.
Plizyè lòt bandi ki te nan gang Matyas t ap dirije tonbe tou anba bal fòs lòd yo tou pandan operasyon Lapolis akonpaye ak Fòs pou Konbat Gang yo (FRG) epi » Task Force » la ap mennen nan komin Site Solèy. Matyas se premye gwo chèf gang nan kowalisyon « Viv Ansanm » k ap fè san koule nan peyi a depi plizyè lane ki mouri anba bal lapolis.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ki ekri sou X (Twitter) » gen yon chèf gang anmwens », fè kwè batay pou libere peyi a anba kontwòl gang yo ap kontinye ak detèminasyon. Chèf gouvènman an di » gang yo pap gen dòmi nan je »
Kreyòl Enfo
