Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

BINUH

AKTYALITEENSEKIRITE

Ayiti-Ensekirite : plis pase 1 100 moun mouri nan twa mwa

by Kreyòl Enfo 13/11/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 13 novanm 2026.- Soti premye jiyè pou rive 30 septanm 2026, pou pi piti 1 167 moun pèdi lavi yo epi 459 lòt soti blese, daprè yon rapò Biwo integre Nasyonzini Ayiti (BINUH, sig nan lang franse). Gang yo rèsponsab plis pase 45% nan viktim yo. Anviwon 5% lòt viktim tou pandan entèvansyon Brigad vijilans yo.

Rapò BINUH an endike mwatye nan viktim yo mouri oubyen blese  pandan operasyon fòs k ap konbat gang yo. Pafwa operasyon sa yo te fèt ak èd yon sosyete militè prive ki itilize anpil dwòn. Plis pase 16% viktim nan operasyon sa yo pat gen okenn lyen ak gang yo, daprè BINUH.

Nan Site Solèy, toujou soti premye jiyè pou rive 30 septanm, bandi ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm koupe tèt 19 moun anndan yon legliz, pami yo 12 granmoun fanm, nan kòmansman mwa dawout la. Nan komin Kenskòf, pou pi piti 105 moun pèdi lavi yo pami yo 19 timoun pandan 2 masak gang yo fè nan mwa jiyè ak mwa dawout.

Nasyonzini idantite 344 moun ki viktim kadejak anba bandi k ap fè lalwa nan divès katye popilè. Moun ki viktim kadejak yo te gen laj soti 8 pou rive 75 lane. Nan 77% ka yo se yon gwoup bandi ki vyole viktim nan.

Depi nan fen mwa oktòb la, plis pase 2 000 sòlda salvadoryen deplwaye Ayiti pou konbat gang yo. Pandan divès operasyon yo deja mennen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, militè peyi Salvadò yo kraze kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo nan Kwadèboukè epi rekipere estad Sylvio Cator ki te anba kontwòl gang yo depi plizyè lane.

Kreyòl Enfo

13/11/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Ayiti-Ensekirite : plis pase 1 100 moun mouri nan twa mwa

    13/11/2026
  • Ensekirite : Fòs lòd yo touye yon premye gwo chèf gang nan « Viv Ansanm »

    06/11/2026
  • Etazini : defèt istorik pou Donald Trump ki pèdi majorite nan 2 branch Kongrè a

    04/11/2026
  • Trèt k ap detwi Ayiti yo pa eritye Desalin, daprè Nayib Bukele nan yon mesaj pou pèp ayisyen an

    03/11/2026
  • Etazini :  » midterms », yon eleksyon ki ka chanje politik ameriken nan tout mond la

    03/11/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.