Kreyòl Enfo, 18 novanm 2026.- Nan katye popilè ak lokalite ki anba kontwòl kowalisyon kriminèl Viv Ansanm yo, esklavaj seksyèl pa sèlman zak izole zagoloray ki pèdi kontwòl tèt yo. Se sitou yon estrateji byen kalkile gang yo itilize pou enpoze otorite yo, simen laperèz, pini katye yo sispèk ki pa sipòte yo, epi fòse moun kite kay yo, daprè yon ankèt kreyòl Enfo.
Nan zòn Gran Ravin kote se « Kaporal Ti Lapli » ak » Jeneral Bougòy » k ap fè lalwa, bandi yo konn kidnape tifi ak fanm nan lari oswa anvayi kay yo, epi kenbe yo kòm prizonye seksyèl pandan plizyè jou oubyen plizyè mwa », daprè temwayaj Manouchka ak Ana, 2 pami viktim yo. Majori, yon manman 4 pitit ki te reyisi sove kite Granravin ane pase, eksplike li te » oblije ofri » premye pitit li a ki te gen sèlman 16 lane ak yon « gwo chèf nan baz la » pou pwoteje lavi fanmi an epi « anpeche tout lòt sòlda yo kouche l ». Daprè Majori, depi fi a se madanm oubyen menaj yon gwo chèf okenn lòt sòlda p ap apwoche l.
Nan komin Kwadèboukè, manm gang 400 Mawozo a gen abitid fè jèn fi yo fo pwomès gwo lajan oswa ofri yo pwoteksyon pou kouche yo. Roseline ki di li ta pral fè filo nan moman li te tonbe ansant pou yon »Mawozo » fè kwè se paske bandi a te rale zam sou li ki fè li te oblije kouche ak li. Jèn fi sa ki ka gen 20 lane di bandi a te pwomèt l ap fè kay pou li epi bay manman l gwo komès. Pwomès ki pat janm rèspekte.
Gang Lanmò San Jou ap dirije a konn voye chèche fanm ak ti fi nan lòt depatman ak Repiblik Dominikèn tou, daprè yon sous ki nan lantouray 400 Maworo. Pafwa, non sèlman yo konn pa vle pou mèdam sa yo retounen lakay yo, men tou yo pa bay lajan yo te pwomèt yo a.
Manm 5 Segond yo, nan Vilajdedye, pa depaman ak lòt gang k ap feraye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Anviwon 10 minit sèlman ak palè nasyonal, kriminèl yo ap kouche tifi ki gen sèlman 12 zan. Yon Dàm ki di li te pèdi kay li ak mwayen pou l viv ak 2 pitit li genyen te oblije tounen esklav seksyèl pou l ka jwenn manje ak sekirite pou timoun yo. Viktim nan ki t ap viv nan site Plus depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la , rakonte « plizyè bandi konn vyole m pandan plizyè èd tan. Lè konsa, se dwòg mwen konn pran avan yo kouche m ».

Plizyè rapò Médecins Sans Frontières (MSF) montre vyolans seksyèl nan katye ki anba kontwòl gang yo gen gwo konsekans sou sante mèdam yo tou. Anpil fwa, viktim yo soufri blesi fizik, yo gwòs avan lè, yo pran maladi tankou enfeksyon seksyèl ak sida.
Anpil viktim ki rive chape poul yo nan lanfè sa ap viv ak depresyon grav. Yo viv ak laperèz epi pèdi konfyans nan pwòp tèt yo. Mete sou sa, yo plonje nan lamizè, pafwa ak plizyè pitit san papa sou bwa yo.
Espesyalis yo toujou raple Ayiti bezwen plis pwoteksyon pou fanm ak timoun. Lè Leta retounen, sèvis medikal ak sikolojik dwe disponib pou tout moun ki t ap viv nan zòn gang yo. Lajistis dwe mennen bon jan ankèt tou pou idantifye epi pini tout rèsponsab krim sa yo.
Atansyon : non viktim yo ki nan tèks la se non prete, se pa bon non moun yo.
Kreyòl Enfo
