Gonayiv, 11 janvye 2019.- Sitwayen nan divès komin nan depatman Latibonit la ap fè fas ak gwo difikilte nan kòmansman ane 2019 la.
Dedin, majistra prensipal la, Ernst Saint-Phard, rekonèt sitiyasyon lavi a konplike pou sitwayen komin nan. Majistra a eksplike pwoblèm dlo pou wouze jaden ak angrè lakoz peyizan yo pèdi plantasyon diri yo nan tout zòn nan.
Nan lokalite Basen, dezyèm seksyon Gonayiv, Kazèk Wisly Dessalines di lamizè ap taye banda nan kanton an. Kazèk la eksplike tout pwodwi yo chè epi sitwayen yo pa gen mwayen pou yo achte. Mete sou sa, prèske pa gen rekòt pandan sezon sa.
Sou inisyativ sendika chofè ak pwopriyetè moto Gonayiv, yon gwoup sitwayen pran lari, jedi 10 janvye a, pou rele kont lavi chè, grangou epi mande Leta bese pri gaz la.
Daprè yon rapò Bank mondyal, plizyè milyon ayisyen anba menas grangou.
Docteur Rolguy