
Pòtoprens, 21 desanm 2018.- Pou make 214 lane depi Ayiti pran lendepandans li, Fondasyon STO lanse « Soup libète » pou premye janvye 2019 k ap vini la a. Inisyativ sa vize rebay tradisyon bwè soup chak premye janvye a veritab sans li genyen nan listwa pèp ayisyen an, daprè responsab kominikasyon Fondasyon an, Cliff Coulange.
Fondasyon STO ki jwenn bourad Fondasyon 5×4 prevwa distribiye plat « Soup libète a » nan plis pase 400 sant nan tout peyi a.
Responsab kominikasyon an presize inisyativ « Soup libète » premye janvye k ap vini la a pa gen okenn objektif politik. Se sitou lokazyon pou montre enpòtans pou tout aktè politik ak sosyete sivil la mete tèt yo ansanm tankou zansèt nou yo te fè pou kase kòd lèsklavaj nan kòmansman 19e syèk la.
Cliff Coulange wè nan inisyativ sa tou yon mwayen pou ankouraje pwodiksyon nasyonal la.
Fondasyon STO ap milite nan domèn edikasyon sitwayen. Li chita kò l nan lekòl frè St-Louis de Gonzague yo. Fondasyon 5×4, sou bò pal, ap travay nan zafè anviwònman. Gen 53 lekòl ki manm Fondasyon an ki vle plante 20 milyon pye bwa pandan 4 lane.
Kreyòl Enfo