Pòtoprens, lendi 10 desanm 2018.- Nan lokazyon 70e anivèsè Deklarasyon inivèsèl dwa moun, jodi lendi a (10), prezidan Jovenel kondane epi anonse yon ankèt pou fè limyè sou masak Lasalin nan kote pase 60 moun te pèdi lavi yo, daprè yon rapò Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo ( RNDDH).
Chèf Leta di li pap tolere pèsòn touye moun pou fè pèsekisyon politik. Jovenel Moise raple inosan pa dwe peye pou koupab. Prezidan Jovenel Moise di li pase premye minis Jean Henry Céant lòd pou pran tout dispozisyon pou jwenn epi pini tout rèsponsab masak la.
Reprezantan 3 pouvwa yo nan tèt kole ak Misyon nasyozini kap bay lajistis Ayiti bourad (Minijis), inyon ewopeyèn ak sosyete sivil la reyalize yon jounen refleksyon pou fete 70e anivèsè deklarasyon inivèsèl dwa moun Òganizasyon nasyonzini te vote 10 desanm 1948.
Kreyòl Enfo