Plis pase 10 ayisyen mouri nwaye nan lanmè zile Turks and Caicos

by Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 mas 2019 .- Pou pi piti 10 Ayisyen mouri nwaye aprè yon ti bato ki t ap transpòte migran fin koule nan lanmè zile Turks and Caicos, daprè enfòmasyon jounal Miami Herald rapòte jodi dimanch la.

Jounal la ki site otorite Turks and Caicos yo presize sevis k ap pote sekou yo gentan sove 13 moun. Yo poko gen presizyon tou sou kantite ayisyen ki te nan ti bato sa.

Youn nan otorite ki sou zile a konfime  gen ofisye Lamarin, ajan imigrasyon ak plonjè k ap kontinye bouske vivan oubyen lòt viktim nan lanmè a.

Plizyè santèn Ayisyen deja nwaye nan lanmè divès zile Karayib la pandan lane 2019 la.

Li tou  Okay : patizan pouvwa ak opozisyon ap twoke kòn yo, plizyè makèt piye

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment