
Kreyòl Enfo, 6 me 2020 .- Jounalis kameramann Radyo ak Televizyon Karayib, Dieunord Joseph, mouri douvanjou mèkredi a (6) nan lopital Bernard Mevs, komin Dèlma. Dieunord Joseph rann dènye souf li 5 jou aprè li te fin boule nan eksplozyon yon kamyon sitèn ki t ap debake gaz sou Wout 9 la, zòn Ona Vil.
Kameramann nan ansanm ak kolaboratè li nan Radyo ak Televizyon Karayib, Mackenson Remy, t ap fè yon retransmisyon sou entènèt nan moman eksplozyon an. Repòtè Mackenson Remy li menm te soti san li pat vrèman viktim pandan ensidan an.
Twa (3) sapè ponpye ki te boule pandan kamyon an eksploze a toujou ap resevwa laswenyay Bernard Mevs. Lavi yo pa menase, daprè enfòmasyon yon medsen lopital la pataje ak Kreyòl Enfo. Nan finisman semèn nan gen posibilite pou yo ta kite lopital la epi rantre lakay yo.
Dieunord Joseph, 43 lane, mouri kite 6 pitit. Kameramann nan rann dènye souf li pandan administrasyon Radyo ak Televizyon Karayib t ap fè demach pou voye li lopital nan peyi Kiba.
Lanmò Dieunord Joseph lage anpil tristès nan mitan ekip RTVK a ki deja pèdi pou pi piti 3 manm pandan ane 2020 an.
Kreyòl Enfo