Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Sosyete

Meyak, yon lokalite nan depatman Nòdès, ap fè fas ak gwo pwoblèm dlo

👤 Kreyòl Enfo 13/05/202013/05/2020
Kreyòl Enfo 13/05/202013/05/2020

Kreyòl Enfo, 13 me 2020 .- Nan moman epidemi nouvo kowonaviris la ap pran teren nan peyi a, abitan nan zòn Meyak, yon lokalite nan komin Ferye ( Nòdès), gen gwo difikilte pou jwenn dlo pou yo bwè, daprè enfòmasyon Tripfoumi Enfo.

Yon fanm k ap goumen pou jwenn ti dlo nan yon pi (twou) Meyak

Sitwayen nan zòn nan peye jiska 20 goud pou yon bokit dlo. Pafwa, yo oblije janbe fwontyè a pou al bouske tigout dlo jouk sou tèritwa dominiken an. Yon egzèsis ki parèt disifil sitou aprè dispozisyon otorite 2 peyi yo pran pou fèmen fwontyè a akoz kovid-19 la.

TFE rapòte se òganizasyon World Vision ki gen yon pwojè distribisyon dlo nan zòn nan. Peyizan yo peye 4 750 goud chak mwa pou òganizasyon an ba yo ti dlo. Pwojè sa a ki touche 163 pami anviwon 3 000 moun k ap viv nan lokalite a ap fini nan mwa jen k ap vini la a.

»   Dola ameriken monte, lamizè blayi sou peyi a : Ayiti sou wout yon eklatman sosyal ?

Mete sou pwoblèm dlo a, moun nan lokalite Meyak ap fè fas ak pwoblèm grangou tou. Lapli ki pa tonbe depi kèk tan lakoz anpil jaden pèdi. Fwontyè Ayiti ak Sendomeng ki fèmen an tou rann sitiyasyon sitwayen sa yo pi difisil.

Leta ayisyen gen obligasyon pou voye je gade moun Meyak k ap monte yon maswife anba lamizè. Lokalite Meyak sitiye nan yon distans 9 kilomèt ak komin Fòlibète.

Kreyol Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
GrangouLamizèMeyakNòdèsPwoblèm dlo
Kreyòl Enfo

Anvan
Kowonaviris-Ayiti : 2 moun mouri epi 10 lòt kontamine, daprè MSPP
Aprè
Kovid-19 touye yon chofè santral Dinepa, tout anplwaye nan karantèn

ou ka enterese

Kouvrefe : jounalis Georges E. Allen resevwa plizyè...

29/04/2020

Sant Emmanuel Charlemagne, yon espas kiltirèl modèn k...

15/08/2020

Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

12/07/2020

Site Solèy : yon jounalis ak plizyè lòt...

30/04/2020

Eskandal seksyèl : plizyè jwè foutbòl fanm akize...

30/04/2020

Kowonaviris : yon branch nan opozisyon an anonse...

30/03/2020

Pou yon plat manje, yon ti ayisyen pase...

23/04/2020

Yon sitwayen dominiken mouri pandan li te vin...

20/05/2020

Eskandal seksyèl nan sant Kwadèboukè a : patwon...

05/05/2020

Gonayiv : lameri bloke yon distribisyon materyèl ak...

15/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.