0

Kreyòl Enfo, 22 jiyè 2019 .- Chèf Leta a nome ofisyèlman, aprè midi lendi a (22), sitwayen Fritz William Michel kòm nouvo premye minis.
Sou kont twitè li, prezidan Jovenel Moise konfime li chwazi nouvo chèf gouvènman an aprè chita pale ak prezidan 2 branch palman an.
Fritz William Michel se yon kad nan ministè Ekonomi ak Finans. Li te rantre nan ministè a pou fè estaj depi nan lane 2004.
Kreyòl Enfo