Pwosesyon Imakile : kretyen Katolik yo mande《manman Mari delivrans pou Ayiti 》

by Kreyòl Enfo

Pòtoprens, samdi 8 desanm 2018.-Plizyè dizèn milye pèleren òganize yon pwosesyon nan lari Pòtoprens, aprè midi samdi a (8), nan lokazyon fèt Imakile a.

Pandan peryòd Nevèn nan ki te kòmanse depi 29 novanm, kretyen katolik yo te pwofite pwosesyon sa pou mande《 Manman Mari delivrans pou Ayiti》.

Chaplè nan men, yon dam ki di li soti nan zòn Kanaran fè kwè 《se sèl Manman Mari ki ka diskite koz Ayiti devan Bondye 》 pou retire peyi nan sitiyasyon difisil l ap travèse dènye tan sa yo. Li mande pou Bondye touche kè chak grenn Ayisyen li di ki vin anvayi ak mechanste.

Li tou  Pou yon plat manje, yon ti ayisyen pase 12 mwa nan prizon; entènot yo revòlte

Pwosesyon te fè laviwonn nan divès ri kapital avan l ap bout devan estad Sylvio Cator.

Kreyòl Enfo

You may also like

Leave a Comment