Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

ENSEKIRITE

ENSEKIRITEENFÒMASYON

Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)

by Kreyòl Enfo 03/04/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 3 avril 2020 .- Pandan tout moun konsantre sou pandemi nouvo kowonaviris la, plizyè jenn fanm pran plezi nan fouye moun anba lavil la, daprè sa yon kolaboratè Kreyòl Enfo konstate.

Yon machanm k ap pwonmennen rad bò mache tèt bèf eksplike  » mèdam yo ap mache byen abiye epi lè yo rive bò kote w yo rale kouto epi mande w tout lajan ki nan men w  » Machanm rad la di genyen nan jenn fanm sa yo ki itilize « jilèt ak pik  » tou pou komèt zak yo.

» Yo pa jwazi moun pou yo fouye. Ni machann, ni moun ki vin achte pase anba men mèdanm sa yo », pawòl machann rad la ki kwè se bandi ki kontwole zòn Lasalin ak Pòtay Sen Jozèf ki voye jenn fanm sa yo dechèpiye moun.

Plizyè ti machann anba lavil la denonse konpòtman polisye ki nan komisarya Sen Jozèf la, tou pre mache a, yo di ki pa fè anyen pou mete bout nan aksyon bandi yo.

Kreyòl Enfo

03/04/2020 0 comments
ENSEKIRITE

Enswkirite : 2 fransè mouri anba bal bandi nan Pòtoprens

by Kreyòl Enfo 25/11/2019
Kreyòl Enfo

Deux Français figurent bien parmi les sept religieux enlevés dimanche en Haïti, a confirmé lundi le ministère français des Affaires étrangères. /Photo d’archives/REUTERS/Eduardo Munoz

Kreyòl Enfo, 25 novanm 2019.- De (2) sitwayen fransè, madanm ak mari, pèdi lavi yo anba bal, ayè dimanch la (24), nan Pòtoprens, daprè enfòmasyon anbasad peyi Lafrans konfime pou Kreyòl Enfo.

Rèsponsab anbasad yo ki pa bay twòp detay sou ki kote ak nan ki sikonstans fransè sa yo tonbe anba bal bandi yo sèlman presize viktim yo te apèn desann avyon.

Plizyè medya fransè pami yo AFP fè kwè sitwayen fransè yo ( mari 44 lane, madanm 41 lane) te rantre Ayiti nan lide pou vin adòpte yon timoun.

Krim sa yo komèt nan moman kote Ayiti ap fè fas ak gwo gwo mobilizasyon pou fòse prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a.

Kreyòl Enfo

25/11/2019 0 comments
ENFÒMASYONENSEKIRITE

Tigwav : Sanès Guerrier touye madanm li ak kout kouto

by Kreyòl Enfo 22/07/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 jiyè 2019.- Sonine Mathurin pèdi lavi l, ayè dimanch la (21 jiyè), aprè li te fin resevwa plizyè kout kouto anba men mari l Sanès Guerrier nan lokalite Koray, 2e seksyon kominal Tigwav (Lwès).

Viktim nan mouri kite 3 pitit, daprè youn nan jij depè komin nan, Délicio Vernevil, ki te fè konsta legal yo. Majistra a sispèk se jalouzi ki ta lakoz Sanès Guerrier komèt krim nan.

Aprè zak la, kriminèl la gentan chape poul li pou fòs lòd yo pa arete l.

Kantite moun k ap viktim akoz pwoblèm jalouzi sanble ap ogmante nan peyi a. Semèn pase a, yon kad nan Ministè jenès espò ak aksyon sivik (MJSAC) te touye madanm li ak 3 bal epi sove kite kay la.

Kreyòl Enfo

22/07/2019 0 comments
ENSEKIRITE

Masak Lasalin : Lafrans swete koupab yo reponn kesyon lajistis

by Kreyòl Enfo 19/07/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 19 jiyè 2019.- Yon jou aprè piblikasyon rapò Òganizasyon tout nasyon yo (ONU) sou masak Lasalin nan, Anbasad peyi Lafrans di, jodi vandredi a (19 jiyè) li aprann ak anpil tristès enfòmasyon ki konfime gang ak zam touye yon dividal moun nan katye Lasalin.

Nan yon nòt ofisyèl li mete deyò, anbasad la raple « abitan Lasalin deja sibi anpil zak vyolans sitou plizyè nan yo te mouri nan mwa novanm 2018. Anbasad la swete katye sa ki pa sispann viktim anba men bandi ak zam yo bénéfisye tout pwoteksyon posib ».

Toujou nan nòt la, anbasad peyi Lafrans di l ap tann « tout moun ki koupab nan fè krim sa yo reponn kesyon lajistis ».

Òganizasyon k ap defann dwa moun tankou Rezo nasyonal kap defann dwa moun (RNDDH – sig nan lang franse) ak Fondasyon je klere (FJK) lonje dwèt sou plizyè gwo palto nan pouvwa Tèt Kale a kòm otorite ki ta gen dwèt yo tranpe nan masak sa.

Kreyòl Enfo

19/07/2019 0 comments
ENFÒMASYONENSEKIRITE

Ensekirite : Bandi ak zam rantre nan sal ijans Lopital Jeneral, pran yon malad epi simen katouch sou li

by Kreyòl Enfo 16/01/2019
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 16 janvye 2019 .- Dram nan Lopital Jeneral! Yon gwoup endividi rantre pran yon malad anndan sal ijans Lopital Inivèsite Leta Ayiti a (HUEH, sig nan lang franse), nan mitan lanwit madi pou louvri jodi mèkredi a (16), epi touye l anba bal nan lantouray enstitisyon an.

Enfòmasyon yon enfimyè ki pa vle non l site pataje ak Kreyòl Enfo (KE) presize «viktim nan te resevwa plizyè katouch avan yo te mennen l lopital la. Kèk tan aprè, bò minwi konsa, pandan n ap fè mannèv pou bay laswenyay, plizyè jèn gason rantre lopital la ak gwo zam, fòse nou bay jèn gason ki blese a epi yo soti avè l.»

Yon machanm ki vanm bwason devan lopital la eksplike « aprè nèg ak zam yo fin soti nan lopital la ak moun ki blese a, m tande plizyè bal tire pi devan. Aprè, se nouvèl yon kadav atè a ki rive jwenn nou »

Daprè enfòmasyon Vant bèf info (VBI), gwoup endividi ki komèt zak la te fè kwè se pou Lapolis y ap travay nan moman yo te rantre pran viktim nan lopital la.

Malgre plizyè tantativ, Kreyòl Enfo pa rive jwenn okenn enfòmasyon ofisyèl sou ensidan ni nan administrasyon Lopital Inivèsite Leta Ayiti ni bò kote Lapolis.

Kreyòl Enfo

16/01/2019 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.