Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Author

Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo
Kreyòl Enfo

ENFÒMASYONENTÈNASYONAL

Entènasyonal : eksplozyon nan peyi Liban, plis pase 100 moun mouri epi 4 000 lòt blese

by Kreyòl Enfo 05/08/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 5 dawout 2020.- Lakwa Wouj nan peyi Liban konfime nan yon dènye bilan maten mèkredi a (5) plis pase 100 moun mouri epi 4 mil lòt blese pandan 2 eksplozyon nan kapital peyi a, Beywout, ayè madi a. Ensidan sa rive tou pre pò vil la kote ki gen anpil gwo depo.

Prensipal lopital Beywout yo debòde ak viktim ki vin bouske laswenyay, daprè yon rèsponsab Lakwa Wouj. Li souliye youn nan pi gwo lopital vil la, St George Hospital, oblije fèmen pòt li epi voye malad yo lòt kote aprè dega eksplozyon yo fè nan lokal enstitisyon an.

Plizyè lòt lopital sibi gwo konsekans tou nan eksplozyon sa yo, pami yo Bikhazi Medical Group ki gen sèlman 60 kabann pou anviwon 500 malad, daprè plizyè medya lokal. Divès peyi nan rejyon an pwomèt vou voye medikaman ak pwofesyonèl lasante bay bourad ak otorite libanè yo.

Premye enfòmasyon yo fè kwè ensidan sa rive nan yon depo ki te genyen nitrat amonyòm. Otorite libanè yo monte yon komisyon espesyal pou mennen ankèt epi fè tout limyè sou eksplozyon sa yo nan yon delè 5 jou.

 

Kreyòl Enfo

05/08/2020 0 comments
ENFÒMASYONAKTYALITE

Lanmò : Konpè Filo, jounalis nan Radyo ak Televizyon Ginen, mouri jodi vandredi a

by Kreyòl Enfo 31/07/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 jiyè 2020 .- Jounalis Anthony Pascal moun plis konnen sou non Konpè Filo mouri jodi vandredi 31 jiyè a, daprè enfòmasyon jounalis Lunie Joseph pataje sou Twitè. Poko gen twòp detay sou sikonstans lanmò Konpè Filo ki te konn anime emisyon Kalfou sou Radyo ak Televizyon Ginen (RTG).

Anthony Pascal (Konpè Filo) se youn nan jounalis moun te plis rèspekte nan peyi a. Li te sibi gwo zak maspinay pandan peryòd diktati boutdi François ak Jean-Claude Duvalier a. Konpè Filo te oblije ale nan egzil nan lane 1985.

Tout ekip Kreyòl Enfo a wete chapo pou swete Konpè Filo bon travèse.

Kreyòl Enfo

31/07/2020 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

Ensekirite : yon « DJ » tonbe anba bal bandi nan vil Gonayiv

by Kreyòl Enfo 27/06/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 27 jen 2020.- Endividi otorite yo poko idantifye simen katouch, nan lanwit vandredi pou louvri samdi 27 jen an, sou yon jèn animatè mizik ki gen non atis « DJ Kabwa » nan vil Gonayiv, depatman Latibonit.a

Bandi yo wete lavi atis la pandan li t ap soti nan yon pwogram ki rele « Atè Plat », daprè enfòmasyon yon pwòch viktim nan pataje ak kolaboratè Kreyòl Enfo nan site lendepandans la.

« DJ Kabwa » moun Gonayiv prezante tankou yon jèn ki boure talan ta yon pwòch senatè Youri Latortue. Fanmi atis la mande otorite yo fè limyè sou zam asasinay sa epi pini koupab yo.

Fenomèn ensekirite a pa sispann ogmante nan site lendepandans la. Malgre anpil dispozisyon otorite nan lapolis ak lajistis di yo pran pou kwape bandi, sitwayen yo kontinye ap viktim chak jou pi plis.

Kreyòl Enfo

27/06/2020 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

Dram : 7 moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yon fiziyad nan komin Gantye

by Kreyòl Enfo 26/06/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 jen 2020.- Sèt (7) moun mouri ak plizyè lòt soti blese, aprè midi jedi 26 jen an, pandan yon fiziyad nan komin Gantye, depatman Lwès. Dram sa pase nan sant komin nan tou pre lokal komisarya, konplèks administratif ak sant sante a.

Yon temwen ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) nan telefòn eksplike《se yon endividi ki t ap tante vole yon machin bò 2zè konsa. Mèt machin nan ki wè sa kouri pou anpeche vòlè a pati ak machin nan.》Malerezman, 《endividi sa sezi yon zam ki te nan machin nan epi tonbe simen katouch nan tout direksyon. 4 moun mouri lapoula, 2 lòt ki te blese byen grav pèdi lavi yo nan chimen lopital》, toujou daprè temwen an.

Aprè fiziyad la, popilasyon an mete lapat sou prezime kriminèl la ki te gentan nan men lapolis epi touye l anba kout wòch ak kout manchèt. Yon rèsponsab lapolis nan komin Gantye di, daprè temwayaj abitan nan zòn nan, endividi ki komèt krim nan ta yon depòte ki gen pwoblèm mantal.

Abitan nan komin Gantye ak zòn ki viwonnen l yo sou gwo chòk aprè fiziyad sa. Pandan tout jounen vandredi a, dram nan te nan mitan prèske tout diskisyon sitwayen yo.

Kreyòl Enfo

26/06/2020 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2

by Kreyòl Enfo 11/06/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 11 jen 2020.- Plis pase yon douzèn kay pase anba flanm dife, jedi 11 jen an, nan zòn Shada 2 , yon katye nan vil Okap, depatman Nò. Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan dezyèm vil peyi a konfime se bandi ak zam ki mete dife nan kay sa yo.

Daprè temwayaj pwopriyetè youn nan kay ki boule yo, se bandi nan katye Nan Bannann ki anvayi Shada 2 epi mete dife nan kay yo. Sitwayen an di bandi Nan Bannann yo ta sèvi ak enfòmansyon lapolis nan vil Okap te bay pandan jounen pou komèt zak sa. Pandan yon konferans pou laprès, rèsponsab polis nan depatman Nò a te anonse yo rive touye yon bandi epi arete 16 lòt nan katye Shada 2.

»   Soti janvye pou rive mwa mas, 13 polisye mouri anba bal bandi

Anpil kout zam otomatik ap chante nan divès katye vil Okap pandan tout jounen an. Sa ki te bay anpil difikilte pou sèvis ponpye rantre Shada 2 al tenyen dife a.

Depi ayè mèkredi a, gwo eskonbrit pete nan vil Okap kote 2 gwoup gang ap twoke kòn yo. Pou pi piti 3 moun gentan mouri pami yo yon ajan UDMO.

11/06/2020 0 comments
DYASPORA

Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal

by Kreyòl Enfo 21/05/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 me 2020 .- Fenel Saintilma, pwopriyetè konplèks « Fenel magazen » ki nan zòn metwopolitèn Santyago (Chili) blese anba bal bandi, 16 me pase a, anndan youn nan lokal antrepriz yo. Jèn antreprenè a pèdi anviwon 6 milyon peso chilyen ( 7 mil dola ameriken) pandan atak sa.

Daprè enfòmansyon viktim nan pataje ak redakasyon Kreyòl Enfo (KE), se 4 vòlè chilyen ki debake nan lokal konplèks « Fenel Magazen » epi rale zam sou tout anplwaye ak kliyan ki te nan espas la. Li eksplike  » bandi yo te tire plizyè katouch avan yo fouye tout moun ». Youn nan katouch yo pèse jarèt Fenel Saintima ki pase plizyè jou lopital ap pran laswenyay.

Antreprenè ayisyen an presize nan konplèks la gen biwo pou fè transfè lajan, pwodwi kosmetik, foto kopi ak Baber Shop. Fenel Magazen gen yon sèvis tou ki pèmèt moun peye dlo ak kouran. Bandi yo pran tout lajan ki te nan kès antrepriz yo.

Fenel Saintima, 36 lane, soti nan vil Wanament (Nòdès). L ap viv Chili depi nan lane 2008. Jèn antreprenè a gen yon lisans nan administrasyon.

Kreyòl Enfo

21/05/2020 0 comments
ENFÒMASYONSOSYETE

Meyak, yon lokalite nan depatman Nòdès, ap fè fas ak gwo pwoblèm dlo

by Kreyòl Enfo 13/05/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 13 me 2020 .- Nan moman epidemi nouvo kowonaviris la ap pran teren nan peyi a, abitan nan zòn Meyak, yon lokalite nan komin Ferye ( Nòdès), gen gwo difikilte pou jwenn dlo pou yo bwè, daprè enfòmasyon Tripfoumi Enfo.

Sitwayen nan zòn nan peye jiska 20 goud pou yon bokit dlo. Pafwa, yo oblije janbe fwontyè a pou al bouske tigout dlo jouk sou tèritwa dominiken an. Yon egzèsis ki parèt disifil sitou aprè dispozisyon otorite 2 peyi yo pran pou fèmen fwontyè a akoz kovid-19 la.

TFE rapòte se òganizasyon World Vision ki gen yon pwojè distribisyon dlo nan zòn nan. Peyizan yo peye 4 750 goud chak mwa pou òganizasyon an ba yo ti dlo. Pwojè sa a ki touche 163 pami anviwon 3 000 moun k ap viv nan lokalite a ap fini nan mwa jen k ap vini la a.

Mete sou pwoblèm dlo a, moun nan lokalite Meyak ap fè fas ak pwoblèm grangou tou. Lapli ki pa tonbe depi kèk tan lakoz anpil jaden pèdi. Fwontyè Ayiti ak Sendomeng ki fèmen an tou rann sitiyasyon sitwayen sa yo pi difisil.

Leta ayisyen gen obligasyon pou voye je gade moun Meyak k ap monte yon maswife anba lamizè. Lokalite Meyak sitiye nan yon distans 9 kilomèt ak komin Fòlibète.

Kreyol Enfo

13/05/2020 0 comments
Uncategorized

Yon kameramann Televizyon Karayib mouri 5 jou aprè li te fin boule nan eksplozyon yon kamyon sitèn

by Kreyòl Enfo 06/05/2020
Kreyòl Enfo

 

Kreyòl Enfo, 6 me 2020 .- Jounalis kameramann Radyo ak Televizyon Karayib, Dieunord Joseph, mouri douvanjou mèkredi a (6) nan lopital Bernard Mevs, komin Dèlma. Dieunord Joseph rann dènye souf li 5 jou aprè li te fin boule nan eksplozyon yon kamyon sitèn ki t ap debake gaz sou Wout 9 la, zòn Ona Vil.

Kameramann nan ansanm ak kolaboratè li nan Radyo ak Televizyon Karayib, Mackenson Remy, t ap fè yon retransmisyon sou entènèt nan moman eksplozyon an. Repòtè Mackenson Remy li menm te soti san li pat vrèman viktim pandan ensidan an.

Twa (3) sapè ponpye ki te boule pandan kamyon an eksploze a toujou ap resevwa laswenyay Bernard Mevs. Lavi yo pa menase, daprè enfòmasyon yon medsen lopital la pataje ak Kreyòl Enfo. Nan finisman semèn nan gen posibilite pou yo ta kite lopital la epi rantre lakay yo.

Dieunord Joseph, 43 lane, mouri kite 6 pitit. Kameramann nan rann dènye souf li pandan administrasyon Radyo ak Televizyon Karayib t ap fè demach pou voye li lopital nan peyi Kiba.

Lanmò Dieunord Joseph lage anpil tristès nan mitan ekip RTVK a ki deja pèdi pou pi piti 3 manm pandan ane 2020 an.

Kreyòl Enfo

06/05/2020 0 comments
ENFÒMASYON

Site Solèy : yon jounalis kameraman ak plizyè lòt moun blese grav pandan eksplozyon yon gwo kamyon

by Kreyòl Enfo 30/04/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 avril 2020 .- Plizyè moun soti blese aprè midi a pandan eksplozyon yon gwo kamyon sitèn ki t ap transpòte gaz sou Wout 9 la, komin Site Solèy, daprè sa yon kolaboratè Kreyòl Enfo konstate.

Jounalis kameraman nan Radyo Televizyon Karayib, Dieunord Joseph, blese grav pandan ensidan sa, daprè enfòmasyon yon kolaboratè l. Jounalis la ak lòt moun ki viktim nan eksplozyon sa ap resevwa laswenyay nan yon lopital nan kapital la.

Mackenson Remy k ap travay kòm repòtè nan Radyo Karayib tou te prezan pandan ensidan an. Mackenson Rémy, li menm, pa vrèman viktim nan eksplozyon an.

Poko gen okenn enfòmasyon ofisyèl sou rezon ki ta lakoz kamyon sa eksploze.

Kreyòl Enfo

30/04/2020 0 comments
SANTESOSYETE

Marc Jean Baptiste, enjenyè ki konstwi lokal Septan an (Feu Vert) mouri ak kowonaviris

by Kreyòl Enfo 07/04/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 7 avril 2020 .- Nouvo kowonaviris la k ap fè ravaj nan peyi Etazini pa epanye kominote ayisyèn nan. Jodi madi a (7), enjenyè achitèk Marc Jean Baptiste mouri aprè li te fin kontamine ak viris la nan vil New York, daprè sa yon pwòch fanmi an konfime.

Marc Jean Baptiste te deja ap soufri ak lòt maladi avan li te enfekte ak kovid-19 la. Madanm enjenyè a ki kontamine ak viris la tou kouche sou kabann lopital.

Enjenyè Marc Jean Baptiste te trase plan epi sipèvize konstriksyon Feu Vert Night Club nan lane 1967. Klèb fanatik Septan yo te bay enjenyè Jean Baptiste yon ochan espesyal nan lane 2018, nan lokazyon 70e anivèsè djaz la.

Kreyòl Enfo voye senpati li pou gran Òkès Septantriyonal ak tout fanatik li yo nan moman kalamite sa.

Kreyòl Enfo

07/04/2020 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.