Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Author

Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo
Kreyòl Enfo

AKTYALITE

Bandi touye Evelyne Sincère, elèv yo te kidnape 29 oktòb pase a, epi jete kadav la sou yon pil fatra

by Kreyòl Enfo 02/11/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, premye novanm 2020.- Sitwayen nan zòn Dèlma 24 dekouvri, maten dimanch premye novanm nan, kadav Evelyne Sincère bandi te kidnape 29 oktòb pase a sou yon gwo pil fatra. Viktim nan ki te fenk fin konpoze nan egzamen ofisyèl pou klas filo te lekòl nan lise Jacques Roumain, Matisan.

Yon gran sè Evelyne Sincère ki idantifye kadav la presize bandi yo te reklame 100 000 dola vèt pou libere l. Aprè anpil negosyasyon, kidnapè yo te pwomèt y ap aksèpte 15 000 dola nan men fanmi an. Men, maten dimanch la, ak anpil dezolasyon yo dekouvri kadav jèn fi a sou pil fatra.

Kidnaping epi asasinay Evelyne Sincère, 21 lane, revòlte anpil sitwayen ki pa kache endiyasyon yo sou rezo sosyal yo. Entènot yo kòmanse mobilize pou mande tout sosyete a manifeste kont ensekirite a epi fòse otorite yo pran rèsponsabilite yo.

Kreyòl Enfo

02/11/2020 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYON

IJAN : Francois Anick Joseph, ansyen senatè Latibonit, mouri britsoukou nan peyi Kanada

by Kreyòl Enfo 27/10/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 27 oktòb 2020.- Ansyen senatè Latibonit la, François Anick Joseph, mouri aprè midi madi 27 oktòb la nan peyi Kanada. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE), ansyen minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo mouri britsoukou aprè yon kriz kè.

François Anick Joseph te senatè nan depatman Latibonit anba chapo pati Òganizasyon Pèp k ap Lite (OPL). Li te okipe pòs minis enteryè pandan pouvwa tranzisyon Jocelerme Privert t ap dirije a.

Senatè François Anick Joseph, 58 lane, te pwofesè sosyoloji nan plizyè fakilte nan peyi a.

Kreyòl Enfo

27/10/2020 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITE

Ensekirite : pou yon telefòn, bandi touye yon tifi 14 lane nan vil Okay

by Kreyòl Enfo 22/10/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 oktòb 2020.- Mardochée Wagnac, yon jèn tifi 14 lane, pèdi lavi l anba bal bandi sou motosiklèt aswè mekrèdi 21 oktòb la nan zòn Vènè, yon katye nan vil Okay, depatman Sud. Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime bandi yo kòmèt krim nan paske viktim nan te refize bay yon telefòn ki te nan men l.

Lapolis nan depatman Sid la poko fè okenn arèstasyon aprè krim sa ki revòlte sitwayen nan tout rejyon an. Anpil sitwayen egzije otorite yo mete lapat sou endividi ki kòmèt zak la epi jije yo jan lalwa mande sa.

Yon pwòch Mardochée ki pat ka gen kenbe dlo nan je l siyale « Ayiti pat janm rive nan yon sitiyasyon malouk konsa. Vagabon wete lavi yon pou yon vye telefòn. Se pa posib pou Leta remèt peyi a bay bandi. »

Menm jan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, bandi ak zam ap taye banda nan depatman Sid la. Pandan dènye jou sa yo, zagoloray pa sispann vole, fè kadejak sou fanm epi touye sitwayen nan divès vil nan rejyon sid la.

Kreyòl Enfo

22/10/2020 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

IJAN : Bandi ak zam kidnape ansyen foutbolè Johnny Descolines

by Kreyòl Enfo 22/10/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 oktòb 2020.- Bandi ak zam kidnape, aswè mèkredi 21 oktòb la, ansyen atakan seleksyon nasyonal foutbòl la Johnny Descolines nan zòn Dèlma 33. Se ansyen konpayèl li nan seleksyon an Ernso Laurence ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo.

Bandi ki kidnape Johnny Descolines yo deja kontakte fanmi an epi mande  » anpil lajan », daprè Ernso Laurence ki rèsponsab pak Sent Terèz, nan komin Petyonvil.

Johnny Descolines se grenadye ki te konn briye nan seleksyon nasyonal la. Li te pote koulè ekip vyolèt la pandan plizyè lane.

Kreyòl Enfo

22/10/2020 0 comments
AKTYALITEUncategorized

Grégory Saint-Hilaire, etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyè, mouri anba bal yon ajan Inite Sekirite Palè Nasyonal

by Kreyòl Enfo 03/10/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 3 oktòb 2020.- Yon etidyan nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS, sig nan lang franse) pwomosyon 2013-2017 mouri anba bal, vandredi 2 oktòb la, aprè li te fin resevwa yon bal nan do anndan lokal fakilte a. Viktim nan ki rele Grégory Saint-Hilaire rann dènye souf li lopital Bernard Mevs.

Etidyan ki te prezan nan lokal ENS nan moman ensidan an lonje dwèt sou ajan Inite Sekirite Palè Nasyonal (USGN, sig nan lang franse) kòm prensipal rèsponsab krim nan. Youn nan yo eksplike se pandan yo t ap revandike dwa yo nan lokal fakilte a sou yon pwotokòl ministè edikasyon nasyonal ak lekòl nòmal te siyen pou pèmèt etidyan k ap fini fè estaj epi nome yo, polisye debake epi simen katouch ak gaz lakrimojèn sou lokal la.

Plizyè nan etidyan yo ki pat ka kenbe dlo nan je regrèt aprè « kanmarad Grégory fin pran bal la, polisye yo te kontinye ap veye deyò a pou asasinen nenpòt etidyan ki ta soti pou mennen l pran laswenyay ». Youn nan yo ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime se aprè plis pase twa èd tan yo te rive kouri ak viktim nan lopital jeneral. malerezman, pat gen okenn doktè pou ba li laswenyay.

Nan kamyonèt, etidyan yo te kouri ak Grégory Saint-Hilaire nan lopital Bernard Mevs. Jèn pwofesè a ki te gentan pase plizyè èd tan ap bay san rann dènye souf li nan lakou lopital la.

Grégory Saint-Hilaire se yon jèn pwofesyonèl ki te konn patisipe nan tout mouvman pou denonse move konpòtman otorite yo epi mande bon jan ankadreman pou jèn ki soti nan Inivèsite Leta Ayisyen an (ILA). Aprè Lekòl nòmal, Grégory Saint-Hilaire te nan dezyèm ane tou nan fakilte dwa ak syans ekonomik.

Kreyòl Enfo

03/10/2020 0 comments
AKTYALITEPOLITIK

Ayiti-politik : yon minis Tèt Kale pwovoke gwo latwoublay nan Lakoudèkont

by Kreyòl Enfo 23/09/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 23 septanm 2020.– Gwo eskonbrit pete, aprè midi mèkredi 23 septanm 2020 an, nan lokal Lakoudèkont ak kontansye administratif (CSC/CA, sig nan lang franse). Daprè enfòmasyon prezidan enstitisyon an, Rogavil Boiguéné, konfime pou redaksyon Kreyòl Enfo (KE), deblozay sa pete aprè minis travo piblik, transpò ak kominikasyon an, Joiseus Nader, te debake britsoukou nan lokal la.

Prezidan CSC/CA a denonse minis la li di ki debake ak yon dividal nèg ak gwo zam fanm fwa ansanm ak plizyè jounalis. Mèt Boiguéné souliye minis Nader rantre nan tout espas sansib ki genyen nan lokal enstitisyon an kote anplwaye yo ap travay sou anpil dosye kòripsyon tankou PetwoKaribe.

Rogavil Boiguéné te pase lòd pou fèmen tout baryè epi egzije prezans yon jij depè nan espas la pou fè konsta legal yo avan li pèmèt minis la kite lokal la. Chèf gouvènman an, Joseph Jouthe, te oblije ale nan lokal CSC/CA a pou pèmèt Joiseus Nader soti nan lokal la ansanm ak moun ki te akonpaye l yo.

Gwo bouch louvri te deja egziste nan mitan CSC/CA ak manm pouvwa Egzekitif la aprè jij yo te refize bay avi favorab ak yon seri akò Leta ayisyen ta pral siyen ak konpayi « General Electric » pou pwodwi kouran.

Kreyòl Enfo

23/09/2020 0 comments
ENFÒMASYONJISTIS

IJAN : 5 polisye ki t ap siveye kay Mèt Monferrier Dorval yo fèmen penitansye ak tout inifòm

by Kreyòl Enfo 11/09/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 11 septanm 2020.- Chèf pakè Pòtoprens la, Mèt Ducarmel Gabriel, pase lòd, jodi vandredi a (11), pou fèmen nan penitansye nasyonal senk (5) polisye ki t ap siveye kay batonye Monferrier Dorval, Peleren 5, aprè asasina 28 dawout pase a.

Malgre plizyè tantativ redaksyon Kreyòl Enfo (KE), pakè Pòtoprens poko bay twòp detay sou rezon ki pouse Mèt Ducarmel Gabriel voye polisye yo fèmen nan penitansye nasyonal.

Plizyè polisye denonse desizyon komisè gouvènman Pòtoprens la yo di pa respèkte enstitisyon lapolis la. Lidè politik nan opozisyon an ki deja reyaji sou dosye kwè se yon estrateji pouvwa a ap itilize pou kache idantite prensipal moun ki komèt krim nan.

Senk (5) polisye komisè gouvènman an fèmen nan prizon yo se Dodley Pierre, Mackenson Cléus, Mackenson Prévil, Angou M. Orcel ak Sénèque Jean Louis.

Kreyòl Enfo

11/09/2020 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYON

Asasina Monferrier Dorval : fanmi viktim nan chwazi dat ak lokal pou chante lantèman an

by Kreyòl Enfo 08/09/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 8 septanm 2020.- Prèske 2 semèn aprè bandi ak zam te fin asasine batonye lòd avoka Pòtoprens yo, Mèt Monferrier Dorval, otorite yo remèt kadav la bay fanmi viktim nan.

Daprè enfòmasyon redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime, lantèman Mèt Monferrier Dorval ap chante nan legliz Sen Pyè, komin Petyonvil, jedi 18 septanm k ap vini la a. Anpil mobilizasyon ap fèt nan mitan divès sektè nan peyi a pou bay yon dènye ochan ak batonye a ki te konn fè kou tou nan plizyè Inivèsite.

Pandan planifikasyon ap fèt pou lantèman konstitisyonalis la, gwo mouvman pwotestasyon ap rapouswiv nan kapital la ak divès lòt vil pou denonse zak asasinay sa epi mande Leta frennen fenomèn ensekirite a.

Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Durcamel Gabriel, envite plizyè avoka ansanm ak sekretè prive Mèt Dorval nan kad ankèt pakè deja louvri pou fè limyè sou krim nan.

Kreyòl Enfo

08/09/2020 0 comments
DYASPORAENFÒMASYON

Repiblik Dominikèn : 5 ayisyen mouri nan yon aksidan machin zòn Baharona

by Kreyòl Enfo 31/08/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 31 dawout 2020.- Senk (5) sitwayen ayisyen mouri, dimanch 30 dawout pase a, epi twa (3) lòt blese byen grav nan yon aksidan machin sou wout Cabral-Polo a, nan pwovens Barahona.

Daprè enfòmasyon plizyè medya dominiken, aksidan sa rive nan moman yon kamyon mak Daihatsu, koulè blanch, ki t ap transpòte pasaje etranje te pèdi fren epi al chavire nan yon barank. Nan kamyon sa ki te genyen pou pi piti 30 ayisyen te chaje tou ak machandiz.

Reprezantan Ayiti nan konsila Baharona a nou te kontakte di yo poko konnen itantite konpatriyòt ki mouri yo.

Kreyòl Enfo

31/08/2020 0 comments
ENFÒMASYONENSEKIRITE

IJAN : Mèt Monferrier Dorval, batonye lòd avoka Pòtoprens yo, mouri anba bal bandi

by Kreyòl Enfo 28/08/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 28 dawout 2020.- Bandi ak zam otorite yo poko idantifye touye anba bal, aswè vandredi 28 dawout la, Mèt Monferrier Dorval lakay li nan zòn Pèleren 5, komin Petyonvil. Yon pwòch avoka a ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo presize Mèt Dorval resevwa plizyè katouch.

Imaj ki deja ap fè laviwonn rezo sosyal yo montre kadav Mèt Monferrier Dorval ap benyen nan san li atè a tou pre yon machin. 2 pòt devan machin nan rete tou louvri. Batonye lòd avoka Pòtoprens yo sanble te nan machin nan pandan atak la.

Mèt Monferrier Dorval se youn nan konstitisyonalis moun plis rèspekte nan sosyete a. Li toujou pataje opinyon li sou anpil gwo dosye politik k ap fè deba nan sosyete a.

Yon lòt fwa ankò, machin ensekirite a wete lavi youn nan gwo entèlektyèl ki t ap sèvi peyi a.

Kreyòl Enfo

28/08/2020 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.