Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Author

Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo
Kreyòl Enfo

AKTYALITE

Galon jòn nan men, polisye ak chofè motosiklèt pete eskonbrit nan yon ponp gaz

by Kreyòl Enfo 06/11/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 5 novanm 2021.- Malgre piblikasyon yon nòt pou entèdi polisye ak inifòm pran liy nan ponp gaz yo, yon gwoup ajan Inite sekirite jeneral palè nasyonal (USGPN, sig nan lang franse) maspinen, vandredi 4 novanm nan, plizyè chofè taksi motosiklèt ki t ap tante achte gaz nan ponp Kalfou Tifou a (Pòtoprens).

Plizyè temwen ki rapòte enfòmasyon an eksplike polisye yo debake nan ponp la ak plizyè gwo galon jòn epi pase tout moun ki te deja ap tann lòd pou mete kò yo sou kote. Kèk nan chofè taksi motosiklèt ki pat vle deplase pase yon move moman anba men polisye yo.

Chofè motosiklèt yo ak lòt sitwayen ki t ap tante achte gaz nan ponp la tou te kalonnen polisye ak ķout wòch. Ajan USGPN yo tire plizyè katouch anlè pou kalme sitiyasyon an.

Se prèske nan tout peyi a polisye ak tout inifòm ap goumen nan liy pou achte gaz nan divès ponp nan peyi a. Yon seri imaj ki degrade plis toujou enstitisyon polisyè a ki te deja ap fè fas ak anpil kritik nan sosyete a.

Kreyòl Enfo

06/11/2021 0 comments
AKTYALITE

Kidnaping : nan kad yon « echanj ak Leta ayisyen », 400 Mawozo libere 3 nan otaj relijye yo

by Kreyòl Enfo 23/04/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 avril 2021.- Bandi nan gang 400 Mawozo libere, jodi jedi a (22), twa (3) pami relijye yo te kite kidnape depi anviwon 12 jou. Pòt pawòl Konferans relijye ayisyen yo (CHR, sig nan lang franse) pè Gilbert Peltrop ki konfime enfòmasyon an prezise 2 sitwayen fransè yo toujou anba men bandi yo.

Kriminèl yo aksèpte libere 3 nan otaj yo nan kad yon « echanj » ak Leta ayisyen. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) , bandi 400 Mawozo yo ta egzije liberasyon Yonyon, youn nan manm ki fonde gang la, avan yo libere relijye yo. Leta ayisyen ta koube anba egzijans bandi yo epi libere Yonyon ki te fèmen nan penitansye nasyonal.

Nan yon mesaj vokal ki t ap fè laviwonn rezo sosyal yo, lidè 400 Mawozo a, Lanmò san jou, te deklare Leta ayisyen an dwe fè yon jès si yo vle jwenn liberasyon relijye yo. Rèsponsab legliz katolik kontinye egzije liberasyon frè ak sè yo ki toujou anba men bandi yo.

Kreyòl Enfo

23/04/2021 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYONSOSYETE

Legliz katolik deside fèmen pòt lekòl, Inivèsite, sonnen klòch epi chante mès pou denonse fenomèn kidnaping la

by Kreyòl Enfo 14/04/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 14 avril 2021.- Legliz Katolik endiye aprè dapiyanp bandi 400 Mawozo yo fè, dimanch pase a, sou yon gwoup relijye pandan yo ta pral asiste enstalasyon pè Jean Anèl Joseph kòm kire pawas Galèt Chanbon. Legliz la presize gen 4 pè ak 2 sè katolik epi 3 lòt relijye ki anba men bandi yo. 2 pami viktim yo se sitwayen fransè.

Nan yon nòt ki pibliye madi 13 avril la, konferans evèk yo mande pou tout lekòl, inivèsite ak tout lòt enstitisyon ki pou legliz katolik rete ak pòt yo fèmen jou k ap jedi 15 avril 2021 an. Evèk yo anonse tout klòch legliz nan tout peyi a ap sonnen nan lè midi jedi 15 avril la tou nan lide yo di pou mande Bondye chanjman pou Ayiti.

Tout evèk katolik yo ap reyini nan legliz Sen Pyè ki nan komin Petyonvil pou selebre yon mès nan lè midi, jedi 15 avril la, toujou daprè sa ki ekri nan nòt la.

Bandi ki nan gang 400 Mawozo yo egzije yon milyon dola vèt pou libere relijye yo.

Kreyòl Enfo

14/04/2021 0 comments
ENSEKIRITEENFÒMASYON

Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri

by Kreyòl Enfo 25/02/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 25 fevriye 2021 .- Pou pi piti sèt (7) moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yon deblozay nan prizon sivil Kwadèboukè a, jodi jedi 25 fevriye a, kote yon dividal prizonye rive sove, daprè sa plizyè jounalis konstate. Plis pase 6 èd tan aprè, otorite yo poko prezante okenn bilan ofisyèl sou sitiyasyon an.

Jounalis ak abitan nan komin nan te remake plizyè gwoup jèn gason k ap kouri ak gwo zam fann fwa nan men yo. Divès inite nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) te deplwaye nan rejyon an aprè evènman an. Fòs lòd yo deja mete lapat sou plizyè nan endividi sa yo ki te sove kite prizon an.

Daprè premye enfòmasyon yo, Arnel Joseph ta pami prizonye ki sove yo. Arnel Joseph se yon ansyen chèf gang ki t ap fè lalwa nan zòn Vilajdedye. Nan kòmansman ane a li te fè anpil gwo deklarasyon devan lajistis sou bon relasyon li ta genyen ak divès gwo zotobre nan pouvwa a.

Ansyen depite Arnel Belizaire pami moun ki fèmen nan prizon sivil Kwadèboukè a.

Kreyòl Enfo

25/02/2021 0 comments
ENFÒMASYONPOLITIK

IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn

by Kreyòl Enfo 21/01/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 janvye 2021.- Komisè gouvènman Miragwàn nan arete, aprè midi jedi a (21), ansyen Senatè Nip la, Nenel Cassy, aprè yon manifestasyon opozisyon an t ap òganize nan vil la pou egzije Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021.

Plizyè lòt militan politik pami yo pwofesè Jeanty Manis ak Cadet Ebens jwenn arèstasyon yo tou. Pou kounye a, Senatè Nenel Cassy ansanm ak lòt moun ki arete yo nan gadavi komisarya Miragwàn nan.

Kawoutchou deja ap boule nan plizyè kwen nan vil Miragwàn pou mande liberasyon Senatè a ansanm ak lòt militan yo.

Kreyòl Enfo 

21/01/2021 0 comments
ENSEKIRITESOSYETE

Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

by Kreyòl Enfo 09/01/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 9 janvye 2021 .- Dram nan komin Senrafayèl (depatman Nò) kote bandi louvri kout zam epi touye pou pi piti sis (6) moun nan lokalite Savann Dyann pandan yon seremoni vodou wougan Aronce Garçon t ap dirije pou konbat bandi k ap vòlò bèt peyizan yo nan kanton an. Ajan egzekitif k ap dirije lameri Senrafayèl la, Moise Ménéide, ki pale ak redaksyon Haitiinfospro.com (HIP) eksplike se pandan seremoni an ap dewoule epi yon gwoup bandi debake epi simen katouch sou peyizan yo.

HIP ki rapòte pawòl premye sitwayen Senrafayèl la presize pami moun ki mouri nan fiziyad sa gen wougan Aronce Garçon, Minouse, Milien, Odino ak Dokiyè. Gen yon lòt sitwayen ki blese byen grav tou anba bal bandi yo.  Poko gen yon arèstasyon ki fèt aprè dram sa, daprè yon sitwayen nan zòn nan.

Moise Ménéide rekonèt sitiyasyon an malouk anpil nan komin Senrafayèl pandan dènye tan sa yo. Plizyè sitwayen oblije abandone kay yo pou yo pa viktim anba men bandi k ap fè lalwa nan komin nan.

Kreyòl Enfo

09/01/2021 0 comments
ENFÒMASYON

Dèlma : plizyè moun mouri nan yon ti otèl delma 19

by Kreyòl Enfo 18/12/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 desanm 2020.- Sitwayen nan zòn delma 19 leve jwenn maten 18 desanm 2020 an plis pase 3 moun mouri nan yon ti otèl ki pote non « Ti nich ».

Selon enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo, ta sanble moun sa yo ki te nan otèl sa a mouri ak pwazon. Yon tèz ki poko verifye bò kote otorite yo.

Aprè dram nan, lapolis syantifik ak youn nan jij depè komin Delma yo te rann li sou plas pou konsta legal yo epi tanmen ankèt fè limyè sou dram sa.

 

Kreyòl Enfo

18/12/2020 0 comments
ENFÒMASYONENTÈNASYONAL

IJAN : Diego Maradona mouri ak yon pwoblèm kè nan peyi Ajantin

by Kreyòl Enfo 25/11/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 25 novanm 2020.- Pi gran jwè nan listwa foutbòl peyi Ajantin nan, Diego Armando Maradona, mouri jodi mèkredi a (25) lakay li nan vil Tigre. Daprè jounal Clarín, zetwal foutbòl mondyal la rann dènye souf li aprè yon pwoblèm nan kè.

Diego Maradona te fè yon operasyon nan sèvo nan kòmansman mwa novanm nan. Uit (8) jou aprè operasyon an medsen yo te libere  «pibe de ouro» a pou retounen lakay li. Doktè Leopoldo Luque fè kwè operasyon an te byen senp, men li te preyokipe pou kondisyon sante ansyen foutbolè a ki te deja frajil. Chanpyon mondyal nan lane 1986, Maradona mouri malgre pwòch fanmi an te anonse semèn pase a pa gen okenn menas sou lavi vedèt la.

Diego Armando Maradona, 60 lane, make listwa foutbòl sitou aprè 2 gòl li te make kont Angletè a. Imaj youn nan gòl yo te fè laviwonn tout mond la sou non  » men Bondye ( la main de Dieu) ».  Lòt gòl la, kote Maradona te drible mwatye nan ekip anglè a (ak tout gadyen an), te ranpòte, nan lane 2002, pri FIFA pou pi bèl gòl nan listwa Koupdimond.

Maradona te jwe tou mondyal 1982,1990 ak 1994. Nan lane 2010, lejand foutbòl la te dirije seleksyon Ajantin nan pandan Mondyal ki te dewoule sou kontinan afriken an.

 

Kreyòl Enfo

25/11/2020 0 comments
ENSEKIRITE

Ensekirite : Michelet Lozama, « DJ Cash cash », blese anba bal bandi Pòtoprens

by Kreyòl Enfo 23/11/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 23 novanm 2020.- Animatè kiltirèl Michelet Lozama ki gen non atis « DJ Cash cash » blese anba bal bandi, nan mitan jounen lendi a (23), nan ri Oden, tou pre Ministè Edikasyon nasyonal. Yon sous pwòch viktim nan ki konfime enfòmasyon an pou redaksyon Kreyòl Enfo (KE) presize atis la resevwa yon bal nan pye.

Bandi yo ki te sou motosiklèt pran yon valiz kite nan men DJ Cash cash aprè yo fin komèt zak la. Poko gen twòp detay sou kisa ki te nan valiz la. Pa vrèman gen gwo Danje pou lavi DJ Cash cash, toujou daprè menm sous la.

Cash cash, youn nan pi ansyen DJ nan peyi a, te deja viktim nan yon aksidan machin nan kòmansman ane a.

Kreyòl Enfo

23/11/2020 0 comments
ENFÒMASYON

IJAN : Léon Charles ranplase Normil Rameau nan tèt Polis Nasyonal Ayiti a

by Kreyòl Enfo 16/11/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 16 novembre 2020.- Nan yon arete prezidansyèl ki pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur maten lendi 16 novanm nan, Chèf Leta a nome sitwayen Léon Charles kòm nouvo Direktè Jeneral pou yon ti bout tan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse). Léon Charles ranplase Normil Rameau ki sot pase anviwon yon lane nan tèt enstitisyon an.

Nouvo Direktè Jeneral lapolis la te deja dirije enstitisyon an nan pandan gouvènman tranzisyon Boniface Alexandre ak Gérard Latortue a. Li te remèt demisyon li nan lane 2005 aprè anpil kritik sou fason li t ap dirije PNH la.

Léon Charles se yon ansyen manm tou nan fòs lame Ayiti a. Li te reprezante Ayiti nan Òganizasyon Leta Amerik yo (OEA, sig nan lang franse).

Kreyòl Enfo

16/11/2020 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.