Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Author

Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo
Kreyòl Enfo

ENSEKIRITEENFÒMASYON

Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)

by Kreyòl Enfo 03/04/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 3 avril 2020 .- Pandan tout moun konsantre sou pandemi nouvo kowonaviris la, plizyè jenn fanm pran plezi nan fouye moun anba lavil la, daprè sa yon kolaboratè Kreyòl Enfo konstate.

Yon machanm k ap pwonmennen rad bò mache tèt bèf eksplike  » mèdam yo ap mache byen abiye epi lè yo rive bò kote w yo rale kouto epi mande w tout lajan ki nan men w  » Machanm rad la di genyen nan jenn fanm sa yo ki itilize « jilèt ak pik  » tou pou komèt zak yo.

» Yo pa jwazi moun pou yo fouye. Ni machann, ni moun ki vin achte pase anba men mèdanm sa yo », pawòl machann rad la ki kwè se bandi ki kontwole zòn Lasalin ak Pòtay Sen Jozèf ki voye jenn fanm sa yo dechèpiye moun.

Plizyè ti machann anba lavil la denonse konpòtman polisye ki nan komisarya Sen Jozèf la, tou pre mache a, yo di ki pa fè anyen pou mete bout nan aksyon bandi yo.

Kreyòl Enfo

03/04/2020 0 comments
Uncategorized

IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l

by Kreyòl Enfo 03/04/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 3 avril 2020 .- Lapolis fouke jounalis Luckner « Louko » Désir devan lokal Radio Éclair nan mitan jounen vandredi 3 avril 2020 an. Lucko jwenn arèstasyon aprè li te fin prezante emisyon Maten deba

Otorite yo ta repwoche animatè a kòm kwa l ap bay vye enfòmasyon sou pandemi nouvo kowonaviris la. Chèf pakè Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontant, te prezan pandan arèstasyon an.

Kreyòl Enfo

03/04/2020 0 comments
ENFÒMASYONAKTYALITE

Dram : 15 timoun mouri boule nan ofelina yon legliz Kenskòf

by Kreyòl Enfo 14/02/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 14 fevriye 2020 .- Yon gwo dife eklate nan ofelina legliz « Compréhension de la Bible » nan zòn Fèmat, komin Kenskòf, nan lanwit jedi 13 fevriye 2020 an. Pi piti 15 tou pi piti 15 timoun pèdi lavi yo akoz konsekans dife sa.

Yon ajan pwoteksyon sivil ki te vizite lokal dram nan jodi a konfime plizyè nan timoun yo mouri akoz pwoblèm laswenyay. Li presize 2 nan timoun yo mouri kangannen nan lokal ofelina a, sepandan lòt 13 yo mouri nan yon lopital nan kapital la.

Ofelina legliz « Compréhension de la Bible » la pat gen pèmisyon pou l fonksyone depi 2013, daprè yon rèsponsab nan Enstiti byenèt sosyal ak rechèch (IBERS). Li regrèt se sèlman 35 pami 754 ofelina ki genyen nan peyi ki gen otorizasyon pou fonksyone.

Direktris IBERS la, Arielle Vildouin, ki denonse move kondisyon ofelina legliz « Compréhension de la Bible » la presize te gen 66 timoun nan ofelina a, men se sèlman 3 granmoun ki te akonpaye timoun yo nan moman dram nan.

Enfòmasyon yo fè kwè se balèn ki te limen nan lokal ki ta lakoz dife sa eklate. Toutfwa, otorite yo anonse yo deja louvri yon ankèt pou fè limyè sou dram sa.

Kreyòl Enfo

14/02/2020 0 comments
AKTYALITE

Ayiti : absans Palman an, yon boulva pou machin ensekirite a

by Kreyòl Enfo 13/02/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 2 novanm 2020.- Pandan 8 dènye ane yo, Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK, sig nan lang franse) mennen yon gwo kanpay pou lage diskredi sou Palman ayisyen an, youn nan sèl grenn enstitisyon ki te kapab fè faskare kont feblès ak demagoji rejim nan. (Se Lakoudèkont yo sible kounye a.)

Pou yon rezon oubyen yon lòt, anpil medya pote kole ak pouvwa a pou fè travay sa lè yo konfonn konpòtman malonèt palmantè yo ak enstitisyon Palman an li menn, ki se yon mayon enpòtan nan yon demokrasi.

Pwojè a reyisi. Jovenel Moïse, ak konplisite kominote entènasyonal la, chwazi pa òganize eleksyon pou Chanm Depite ak yon pati nan Sena Repiblik la. Palman kraze! Jovenel Moise ak patizan l yo fè konprann peyi a fè bèl ekonomi paske lajan yo te konn peye palmantè yo pral depanse nan konstwi lekòl (kote lekòl sa yo?).

Demokrasi chita sou prensip, lalwa, enstitisyon…Ayiti fè gwo defisi akòz palman sa ki pap fonksyone jounen jodi a – malgre palmantè yo pa te toujou fè travay yo.

Yon egzanp, pandan n ap plenyen sou rezo sosyal depi kèk mwa pou ensikerite ki blayi sou peyi a, si te genyen yon pouvwa lejislatif, nan semèn sa kanmenm palmantè yo je wont je t ap oblije konvoke Chèf Lapolis la, Minis Jistis, Minis Enteryè, menm Minis Edikasyon an pou vinn eksplike kòman bandi fè ap taye banda konsa epi ki plan yo genyen pou fouke atoufè yo ak garanti sekirite popilasyon an.

Nan yon « sosyete nòmal », sitwayen yo t ap kapab siyen petisyon, fè apèl osnon voye imèl nan biwo palmantè ki nan sikonskripsyon yo mande yo fòse pouvwa egzekitif la pran rèsponsabilite l. Se Komisyon Jisitis ak Sekirite nan Palman an ki t ap responsab pou fè konvokasyon epi prepare seyans sa.

Menmsi sa pa garanti ensikirite a t ap elimine, men omwens seyans sa t ap bay dirijan sa yo ( Minis, Direktè Lapolis, ak Palmantè yo) travay pou yo fè. Yo t ap oblije prepare kesyon, prepare dokiman pou reponn kesyon. Medya t ap transmèt seyans la, yo t ap pwodwi repòtaj. Sa ki t ap pwovoke gwo deba nan lopinyon piblik la.

Anpil nan nou pa menm konnen non Direktè Lapolis la. Poukisa? Paske se pa pou nou l ap travay, menmsi se lajan taks nou k ap peye l. Se Prezidan ki mete l nan pòs la, donk se Jovenel Moïse li dwe bay rapò. M panse Prezidan an satisfè pou rezilta travay Polis Nasyonal Ayiti a, sinon Direktè Jeneral la t ap gentan pèdi djòb li.

Nan tan nòmal, se Palman an – ki reprezante sitwayen yo – ki t ap ratifye kabinè Minis yo ak chwa Direktè Jeneral Lapolis la. Donk, yo t ap gen kont pou rann nou devan Palman an.

Nou ka toujou plenyen sou rezo sosyal, men sa pa p fè Jovenel Moïse ak ekip Tèt Kale a ni cho ni frèt. Yo gen yon boulva devan yo.

Pwojè nouvo konstitisyon l ap pouse a se pou l kapab bay pouvwa egzekitif la – Prezidan ak Minis yo – plis libète, san yo pa gen kont pou rann bay pèsòn. Dayè li pa janm kache rayisman li genyen pou enstitisyon li paka pase lòd yo tankou Lakoudèkont.

Se swa nou fè yon rejim boutdi, kote nou aksepte pou chèf yo pa gen kont pou rann nou, jan sa ye kounye a. Oubyen nou ka fè yon demokrasi kote n ap vote moun ki kapab reprezante nou kòmsadwa nan espas pouvwa yo.

Dezyèm solisyon an ap pase nan chemen eleksyon. Sa ap mande pou nou pran responsablite nou kòm sitwayen.

Obed Lamy

13/02/2020 0 comments
AKTYALITE

Ijan : ansyen depite Arnel Belizaire jwenn arèstasyon li nan vil Jakmèl

by Kreyòl Enfo 30/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 novanm 2019 .- Arnel Belizaire, ansyen depite Dèlma ak Taba, jwenn arèstasyon l nan lanwit vandredi pou louvri samdi 30 novanm 2019 la nan vil Jakmèl, depatman Sidès.

Pòt pawòl polis nasyonal la, Michel-Ange Louis Jeune, ki konfime enfòmasyon an pou Kreyòl Enfo (KE) presize se ajan Inite depatmantal pou tabli lapè (UDMO, sig nan lang franse) nan sidès ki arete ansyen palmantè a pandan li te nan machin ap rantre Jakmèl.

Michel-Ange Louis Jeune eksplike lapolis mete lapat sou 7 lòt endividi ki te akonpaye Arnel Belizaire ak 3 machin chaje zam ak minisyon.

Pakè Pòtoprens te mete manda pou arete Arnel Belizaire depi nan kòmansman semèn nan. Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontant, repwoche ansyen palmantè a kòm moun k ap fè konplo kont sekirite Leta.

Kreyòl Enfo

30/11/2019 0 comments
AKTYALITE

Pwotestasyon : Yon machin boule ak tout machandiz sou wout nasyonal nimewo 1 an

by Kreyòl Enfo 26/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 novanm 2019 .- Yon gwoup pwotestatè k ap egzije demisyon prezidan Jovenel Moise nan tèt peyi a mete dife, jodi madi a (26), nan yon gwo kamyon ki t ap transpòte machandiz sou wout nasyonal nimewo 1 an (RN1),nan zòn Akayè (lwès).

Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime pwotestatè yo ki plizyè dizèn menase pou mete dife sou tout machin ki franchi barikad yo. Militan sa yo lage anpil moso boutèy sou wout la nan lide pou anpeche sikilasyon machin ak moto.

Wout nasyonal nimewo 1 an bloke nan zòn Akayè depi kòmansman mouvman ”peyi lòk » nan mwa septanm nan pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a. Malgre tantativ plizyè inite espesyalize nan Lapolis la, yo toujou poko ka reprann kontwòl sitiyasyon an.

Kreyòl Enfo

26/11/2019 0 comments
ENSEKIRITE

Enswkirite : 2 fransè mouri anba bal bandi nan Pòtoprens

by Kreyòl Enfo 25/11/2019
Kreyòl Enfo

Deux Français figurent bien parmi les sept religieux enlevés dimanche en Haïti, a confirmé lundi le ministère français des Affaires étrangères. /Photo d’archives/REUTERS/Eduardo Munoz

Kreyòl Enfo, 25 novanm 2019.- De (2) sitwayen fransè, madanm ak mari, pèdi lavi yo anba bal, ayè dimanch la (24), nan Pòtoprens, daprè enfòmasyon anbasad peyi Lafrans konfime pou Kreyòl Enfo.

Rèsponsab anbasad yo ki pa bay twòp detay sou ki kote ak nan ki sikonstans fransè sa yo tonbe anba bal bandi yo sèlman presize viktim yo te apèn desann avyon.

Plizyè medya fransè pami yo AFP fè kwè sitwayen fransè yo ( mari 44 lane, madanm 41 lane) te rantre Ayiti nan lide pou vin adòpte yon timoun.

Krim sa yo komèt nan moman kote Ayiti ap fè fas ak gwo gwo mobilizasyon pou fòse prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a.

Kreyòl Enfo

25/11/2019 0 comments
Uncategorized

Charlot Jeudy mouri, Lafrans mande Leta ayisyen fè limyè sou lanmò defansè LGBT yo

by Kreyòl Enfo 25/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 25 novanm 2019 .- Prensipal defansè kominote LGBT nan peyi a, Charlot Jeudy, mouri lakay li, Vivimichèl, ayè dimanch la. Jounalis Amélie Baron k ap travay pou Radio France International (RFI) Ayiti ki pataje enfòmasyon an jodi lendi a siyale poko gen okenn limyè sou lanmò militan LGBT a.

Lafrans envite otorite ayisyèn yo pran tout dispozisyon pou fè limyè sou lanmò britsoukou masisi Charlot Jeudy. Anbasad la souliye lanmò sa fèt  » nan sikonstans ki pa twò klè ».

Nan yon kominike ki parèt kèk èd tan sèlman aprè yo fin dekouvri kadav Charlot Jeudy lakay li, anbasad Lafrans di li » aprann ak anpil emosyon lanmò masisi, prezidan asosiyasyon KOURAJ la ki angaje l nan defann dwa kominote LGBT yo ».

Charlot Jeudy, 34 lane, te fonde asosiyasyon KOURAJ 18 desanm 2011 nan lide pou defann dwa masisi, madivin, biseksyèl, transeksyèl ak lòt.

Kreyòl Enfo

25/11/2019 0 comments
AKTYALITEPOLITIK

Nevyèm semèn « peyi lòk » : presyon an ap ogmante sou tèt Jovenel Moise

by Kreyòl Enfo 04/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 4 novanm 2019 .- Sitiyasyon an toujou rete mangonmen, jodi lendi a (4), nan kapital la (Pòtoprens) ak divès vil pwovens toujou nan kad batay k ap mennen pou fòse prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a.

Malgre garanti pouvwa a te bay pou pèmèt lavi reprann nan peyi a, Kreyòl Enfo konstate gwo barikad bloke prèske tout gwo kalfou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Anpil katouch ap tire tou nan zòn Matisan ak Dèlma 47..

Pou yon nevyèm semèn youn kole ak lòt, tout aktivite yo rete paralize nan kapital la. Lekòl pa fonksyone, gwo magazen ak labank rete ak pòt yo fèmen. Machin ak motosiklèt prèske pa sikile tou akoz barikad yo ki monte disèt wotè.

Plizyè inite nan Lapolis nasyonal la ansanm ak ajan CNE ap tante retire barikad yo. Sa ki lakoz gwo eskonbrit nan mitan fòs lòd yo ak pwotestatè k ap veye barikad yo nan divès katye.

Kreyòl Enfo

04/11/2019 0 comments
Uncategorized

Chanm depite a fikse dat pou rapouswiv seyans mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moïse la

by Kreyòl Enfo 20/08/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 20 dawout 2019.- Prezidan chanm depite a, Garry Bodeau, anonse, ayè lendi a, seyans espesyal sou mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moïse la ap rapouswiv mèkredi 21 dawout k ap vini la a.

Biwo a pran dispozisyon pou rapouswiv seyans la aprè anpil diskisyon pandan dènye konferans prezidan blòk ak komisyon ki nan chanm nan, daprè sa depite Garry Bodeau fè konnen. Reprezantan sikonskripsyon Dèlma a swete seyans la ki kanpe 2 fwa deja dewoule san pwoblèm. Palmantè a konseye kòlèg li yo montre anpil respè ak bon sans pandan deba yo.

Gwoup depite ki nan opozisyon ak pouvwa Tèt kale a akize Prezidan Jovenel Moïse kòm otorite ki patisipe nan komèt krim, kòripsyon ak lòt ankò.

Kreyòl Enfo

20/08/2019 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.