
Kreyòl Enfo, 20 dawout 2019.- Prezidan Jovenel Moïse ak pouvwa Tèt kale a kontinye ap pèdi alye nan sena Repiblik la. Aprè senatè Saurel Jacinthe (Grandans) mwa pase a, senatè Sidès la Joseph Lambert anonse, lendi 19 dawout la, li vire do bay pouvwa a epi rantre nan opozisyon.
Sou kont twitè li, ansyen prezidan asanble nasyonal la ekri : « Pou peyi m, tout solidarite mwen te bay la (ak pouvwa a) kanpe pou yon opozisyon eklere epi konstriktiv ».
Senatè Joseph Lambert di li regrèt divès aksyon prezidan Jovenel Moïse ap poze yo riske lage peyi a nan yon katchouboumbe politik ak ekonomik.
« Zannimo politik la » pa ekate posibilite pou desann sou beton an pou manifeste kont prezidan Jovenel Moïse li estime k ap » kraze peyi a ».
Kreyòl Enfo









