
Kreyòl Enfo, 2 novanm 2020.- Pandan 8 dènye ane yo, Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK, sig nan lang franse) mennen yon gwo kanpay pou lage diskredi sou Palman ayisyen an, youn nan sèl grenn enstitisyon ki te kapab fè faskare kont feblès ak demagoji rejim nan. (Se Lakoudèkont yo sible kounye a.)
Pou yon rezon oubyen yon lòt, anpil medya pote kole ak pouvwa a pou fè travay sa lè yo konfonn konpòtman malonèt palmantè yo ak enstitisyon Palman an li menn, ki se yon mayon enpòtan nan yon demokrasi.
Pwojè a reyisi. Jovenel Moïse, ak konplisite kominote entènasyonal la, chwazi pa òganize eleksyon pou Chanm Depite ak yon pati nan Sena Repiblik la. Palman kraze! Jovenel Moise ak patizan l yo fè konprann peyi a fè bèl ekonomi paske lajan yo te konn peye palmantè yo pral depanse nan konstwi lekòl (kote lekòl sa yo?).
Demokrasi chita sou prensip, lalwa, enstitisyon…Ayiti fè gwo defisi akòz palman sa ki pap fonksyone jounen jodi a – malgre palmantè yo pa te toujou fè travay yo.
Yon egzanp, pandan n ap plenyen sou rezo sosyal depi kèk mwa pou ensikerite ki blayi sou peyi a, si te genyen yon pouvwa lejislatif, nan semèn sa kanmenm palmantè yo je wont je t ap oblije konvoke Chèf Lapolis la, Minis Jistis, Minis Enteryè, menm Minis Edikasyon an pou vinn eksplike kòman bandi fè ap taye banda konsa epi ki plan yo genyen pou fouke atoufè yo ak garanti sekirite popilasyon an.
Nan yon « sosyete nòmal », sitwayen yo t ap kapab siyen petisyon, fè apèl osnon voye imèl nan biwo palmantè ki nan sikonskripsyon yo mande yo fòse pouvwa egzekitif la pran rèsponsabilite l. Se Komisyon Jisitis ak Sekirite nan Palman an ki t ap responsab pou fè konvokasyon epi prepare seyans sa.
Menmsi sa pa garanti ensikirite a t ap elimine, men omwens seyans sa t ap bay dirijan sa yo ( Minis, Direktè Lapolis, ak Palmantè yo) travay pou yo fè. Yo t ap oblije prepare kesyon, prepare dokiman pou reponn kesyon. Medya t ap transmèt seyans la, yo t ap pwodwi repòtaj. Sa ki t ap pwovoke gwo deba nan lopinyon piblik la.
Anpil nan nou pa menm konnen non Direktè Lapolis la. Poukisa? Paske se pa pou nou l ap travay, menmsi se lajan taks nou k ap peye l. Se Prezidan ki mete l nan pòs la, donk se Jovenel Moïse li dwe bay rapò. M panse Prezidan an satisfè pou rezilta travay Polis Nasyonal Ayiti a, sinon Direktè Jeneral la t ap gentan pèdi djòb li.
Nan tan nòmal, se Palman an – ki reprezante sitwayen yo – ki t ap ratifye kabinè Minis yo ak chwa Direktè Jeneral Lapolis la. Donk, yo t ap gen kont pou rann nou devan Palman an.
Nou ka toujou plenyen sou rezo sosyal, men sa pa p fè Jovenel Moïse ak ekip Tèt Kale a ni cho ni frèt. Yo gen yon boulva devan yo.
Pwojè nouvo konstitisyon l ap pouse a se pou l kapab bay pouvwa egzekitif la – Prezidan ak Minis yo – plis libète, san yo pa gen kont pou rann bay pèsòn. Dayè li pa janm kache rayisman li genyen pou enstitisyon li paka pase lòd yo tankou Lakoudèkont.
Se swa nou fè yon rejim boutdi, kote nou aksepte pou chèf yo pa gen kont pou rann nou, jan sa ye kounye a. Oubyen nou ka fè yon demokrasi kote n ap vote moun ki kapab reprezante nou kòmsadwa nan espas pouvwa yo.
Dezyèm solisyon an ap pase nan chemen eleksyon. Sa ap mande pou nou pran responsablite nou kòm sitwayen.
Obed Lamy