Pòtoprens, dimanch 2 desanm 2018.- Yon lòt fwa ankò, sanginè lage dèy nan mitan Lapolis. Nan lanwit samdi premye pou louvri dimanch 2 desanm nan, endividi ajan fòs lòd yo poko idantifye touye anba kout rach yon komisè polis nan Taba 52.
Enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo presize komisè polis la ki rele Plymouth Robert resevwa yon kout rach nan tèt pandan li t ap monte machin aprè li fin fèmen biznis li.
Malgre jefò moun nan zòn lan fè pou kouri ak li lopital, komisè Robert rann dènye souf li.
Komisè Plymouth Robert t ap travay nan enspeksyon jeneral enstitisyon lapolis la.
Dalès Buteau