Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

AKTYALITE

AKTYALITEELEKSYON

Raphael André, rèsponsab politik Jakmèl, denonse KEP a li di ki fè twòp egzijans pou yon sitwayen ka kandida

by Kreyòl Enfo 29/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Rèsponsab Kolektif Aktè Ayisyen pou Devlòpman ak Òganizasyon Alternativ (KADOA), Raphael André, kritike Konsèy Elektoral Pwovizwa a li di ki fè twòp egzijans pou yon sitwayen ka kandida nan pwochèn eleksyon yo. Li di manm KEP yo envante yon pakèt atik nan dekrè elektoral la ki pa kadre ak manman lwa peyi a.

Raphael André site atik 253 dekrè elektoral la li di ki fè yon bann egzijans kandida yo ap gen anpil difikilte pou rèspekte. Konseye KADOA a pran egzanp difikilte ki genyen pou sitwayen yo jwenn yon dokiman KEP a egzije pou yo pran nan Bank Repiblik Ayiti a (BRH, sig nan lang franse) si yo vle kandida.

Raphael André fè kwè sitwayen k ap viv nan seksyon kominal yo pap janm ka jwenn tout dokiman dekrè elektoral la egzije yo akoz sèvis Leta pat janm rive nan zòn sa yo.

Lidè politik la mande tout kandida mobilize kont move desizyon sa yo ki anpeche pitit peyizan yo patisipe nan eleksyon ki ta dwe fèt nan finisman ane a.

Kreyòl Enfo

29/09/2026 0 comments
AKTYALITESOSYETE

Haiti24, deja 9 lane ap enfòme popilasyon an

by Kreyòl Enfo 29/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Jodi madi 29 septanm sa fè 9 lane depi medya nimerik Haiti24 angaje l pou enfòme ak fòme sitwayen yo. Avèk yon dividal moun k ap swiv li sou Facebook, X, Instagram ak sit web yo, Haiti24 se yon referans nan medya nimerik k ap bay enfòmasyon politik, ekonomik ak sosyal sou Ayiti ak dyaspora a.

Pwopriyetè Haiti24 la, Anderson Guillaume, pa kache satisfaksyon li pou kontribisyon li di medya nimerik yo pote nan pèmèt tout moun gen aksè ak bon jan enfòmasyon. Li siyale medya l ap dirije a deja pèmèt limyè fèt sou plizyè gwo dosye nan sosyete a. Anderson Guillaume anonse pwojè Haiti24 la ap kontinye devlope toujou nan lide pou pi byen sèvi sitwayen yo.

Haiti24 se youn nan manm fondatè Rezo Nasyonal Medya Nimerik yo, RENAMEL, yon estrikti k ap apiye, ankadre epi ede medya nimerik yo devlope Ayiti.

Tout ekip Kreyòl Enfo a swete yon bon 9e anivèsè ak Haiti24 epi salye pèseverans ak angajman li nan sosyete a.

Kreyòl Enfo

29/09/2026 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITE

Akayè : yon gwoup nèg ak zam anvayi mache a, otorite yo anonse dispozyon pou retabli lòd 

by Kreyòl Enfo 26/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 septanm 2026.- Yon gwoup nèg ak zam anvayi mache Akayè a epi kòmanse teworize machann yo ak lòt manm nan popilasyon an, daprè yon kominike konsèy minisipal la pataje jodi samdi 26 septanm nan. Endividi sa yo ap egzije machanm yo peye lajan pou yo ka kite yo vann nan mache a.

Ajan egzekitif Wilner Réné ki denonse prezans nèg ak zam sa yo nan mache kominal la mande tout moun rete kalm. Li mande sitwayen yo pa fè okenn aksyon ki ka agrave sitiyasyon an.

Wilner Réné anonse meri a nan tèt kole ak Polis Nayonal Ayiti a ap pran dispozisyon pou retabli lòd, sekirite ak lapè nan mache a. Li raple tout resèt mache a dwe rantre nan kontabilite meri a epi sèvi pou amelyore kondisyon lavi moun yo nan komin nan.

Konsèy minisipal Akayè a di li pran angajman pou defann enterè komin nan epi travay pou ranfòsman sèvis piblik yo nan respè lalwa.

Kreyòl Enfo

26/09/2026 0 comments
ENFÒMASYONAKTYALITEENSEKIRITE

Kenskòf : Lapolis rekipere plizyè lokalite ki te anba kontwòl bandi

by Kreyòl Enfo 26/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 septanm 2026.- Ajan nan divès inite nan Polis Nasyonal Ayiti a ( PNH, sig nan lang franse) ap mennen yon seri operasyon nan komin Kenskòf, depatman lwès, depi semèn pase a, daprè enfòmasyon ajan egzekitif Massillon Jean konfime. Premye sitwayen Kenskòf la fè kwè fòs lòd yo deja rekipere plizyè lokalite nan komin nan pami yo « Bwa Avril ».

Prezidan konsèy kominal la di gen plizyè bandi nan gang « Didi » ap dirije a ki tonbe pandan yo t ap boukante kout bal ak lapolis. Massillon Jean mande Fòs Lame Ayiti a (FAd’H, sig nan lang franse) apiye Polis Nayonal la epi okipe espas ki libere yo.

Move kondisyon wout yo se youn nan gwo difikilte ajan fòs lòd yo rankontre pandan operasyon yo, daprè ajan egzekitif la. Li mande pou ministè travo piblik voye yon ekip teknik pou netwaye wout yo yon manyè pou pèmèt polisye yo atake bandi yo pi fasil.

Mwa pase a, bandi ak zam ki nan òganizasyon teworis Viv Ansanm fè plizyè masak nan vil Kenskòf ak lokalite ki viwonnen l yo. Pandan masak sa yo, pou pi piti 164 moun pèdi lavi yo, daprè yon rapò ankèt Rezo Nasyonal Dwa Moun yo ( RNDDH, sig nan lang franse).

Kreyòl Enfo

26/09/2026 0 comments
AKTYALITEENSEKIRITEPOLITIK

Baradè : ansyen depite Clément Dupner mouri, otorite yo anonse yon ankèt

by Kreyòl Enfo 24/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 24 septanm 2026.-  Sitwayen nan komin Baradè, nan depatman Nip, dekouvri maten jedi a (24) kadav ansyen depite Dupner Clement nan lakou lakay li. Jij depè Ociel Josaphat ki te fè konsta legal yo siyale te gen san nan bouch viktim epi atè bò kote kadav la.

Aprè analiz yon medsin ak yon enfimye, jij depè a te bay lòd pou leve kadav la epi al mete l nan mòg. Otorite nan depatman Nip la anonse ouvèti yon ankèt pou fè limyè sou sikonstans ansyen palmantè a pèdi lavi l.

Dupner Clement anpil moun konnen sou non « Kafou” te reprezante sikonskripsyon Baradè – Gran Boukan nan 49e lejislati a. Enfòmasyon kèk pwòch ansyen palmantè pataje ak Kreyòl Enfo konfime Dupner Clement t ap prepare l pou al kandida nan eleksyon ki ta dwe fèt 13 desanm k ap vini la a.

Kreyòl Enfo

24/09/2026 0 comments
AKTYALITEELEKSYON

Eleksyon : Michel Martelly enskri kòm kandida pou pòs prezidan anba banyè DEBLOKE

by Kreyòl Enfo 22/09/2026
Kreyòl Enfo

 

Kreyòl Enfo, 22 septanm 2026.- Ansyen Prezidan Michel Joseph Martelly enskri kòm kandida pou pòs prezidan, jodi a, sou sit Konsèy Elektoral Pwovizwa a anba banyè DEBLOKE . Michel Martelly prevwa depoze pyès li nan BED Lwès I an nan jou k ap vini la yo, daprè enfòmasyon yon manm nan direksyon DEBLOKE pataje ak Kreyòl Enfo.

Aprè plizyè ane li pase nan peyi Etazini, ansyen chèf Leta a te retounen Ayiti nan mitan ane 2026 la. Michel Martelly te enskri kòm elektè 30 dawout pase a.

Pou kounye a 8 kandida pou pòs prezidan deja enskri sou sit Konsèy Elektoral Pwovizwa. Dat pou kandida yo enskri a ap bout 14 oktòb 2026. Premye tou eleksyon yo pwograme pou 13 desanm, daprè sa ki nan kalandriye elektoral la.

Kreyòl Enfo

22/09/2026 0 comments
AKTYALITEDYASPORAKILTI

Nouyòk : Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre dyaspora a epi onore atis Carole Demesmin

by Kreyòl Enfo 21/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 septanm 2026 .- Pandan deplasman li nan peyi Etazini pou patisipe nan 81e Asanble Jeneral Òganizasyon tout nasyon yo ( ONU, sig nan lang franse), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pwofite rankontre kominote dyaspora ayisyen an nan Nouyòk. Pandan rankont sa, Alix Didier Fils-Aimé te salye prezans Carole Demesmin, yon zetwal nan kilti ayisyen an.

Premye Minis la raple Carole Demesmin se yon vwa ki make tout yon jenerasyon. Atis la kontinye ap pote, atravè zèv li, idantite, memwa ak richès kilti ayisyen an, toujou daprè chèf gouvènman an. Li souliye tou kontribisyon atis yo pote nan vann imaj Ayiti nan peyi etranje yo.

Se te lokazyon tou pou chèf Primati a te prezante priyorite gouvènman l lan bay kominote ayisyen an ki tabli nan Nouyòk, Etazini. Alix Didier Fils-Aimé fè kwè sekirite se pi gwo priyorite li genyen nan moman an. Li raple pwogram P4000 la ki vize ranfòse Lapolis, epi objèktif pou Fòs Lame Ayiti a gen 15 mil sòlda pandan 3 lane k ap vini la yo.

Premye Minis la di volonte li genyen tou pou gouvènman l ap dirije a òganize bon jan eleksyon epi retabli demokrasi nan peyi a. Alix Didier Fils-Aimé ankouraje dyaspora a rantre plis nan lavi ekonomik ak politik peyi a.

Kreyòl Enfo

21/09/2026 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYONENSEKIRITE

Ensekirite : Bandi kidnape 5 elèv lekòl, 3 nan yo soti nan yon sèl fanmi

by Kreyòl Enfo 18/09/2026
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 18 septanm 2026.- Bandi ak zam k ap fè lalwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la fè dappiyanp sou 5 elèv lekòl, maten vandredi a (18), nan ri Lamatinyè, Bwa Vèna, Pòtoprens. Pami timoun zagoloray yo kidnape yo gen 3 ki soti nan yon sèl fanmi, daprè enfòmasyon yon temwen pataje ak yon kolaboratè Kreyòl Enfo.

Temwen an ekplike se pandan li te kanpe epi britsoukou li wè yon machin kanpe bò lari a, 2 nèg desann ak gwo zam fanm fwa epi egzije plizyè elèv monte nan machin nan. Li konfime pami elèv sa yo 3 se manm yon sèl fanmi.

Malgre otorite te anonse plizyè milye polisye deplwaye nan kapital lá pou garanti sekirite elèv lekòl yo, kriminèl yo deja kidnape pou pi piti 10 timoun pandan sèlman 2 semèn depi ane lekòl la kòmanse.

Kreyòl Enfo

18/09/2026 0 comments
AKTYALITEESPÒ

Foutbòl : David Badia konvoke yon premye lis 24 jwè pou defann Ayiti nan Lig Nasyon yo

by Kreyòl Enfo 18/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 septanm 2026.- San Duckens Nazon, meyè bitè listwa seleksyon nasyonal la, ki pa nan okenn klèb pou kounye a ak Lenny Joseph ki blese, David Badia konvoke 24 jwè pou al defann grenadye yo nan Lig Nasyon Concacaf la. Gen de (2) nouvo jwè ki parèt nan lis antrenè espanyòl la. Gadyen Wake Forest University la, Jonah Mednard, ansanm ak Kenny Quetant, atakan Werder Bremen, nan peyi Almay.

Plizyè lòt jwè ki pat patisipe nan Koupdimond la retounen nan ekip la tou. Pami jwè sa yo gen François Dulysse, Fafà Picault, ak Dany Jean.

Enpòtan pou n raple Grenadye yo pral jwe san Johnny Placide ak
Ricardo Adé, 2 pilye ki anonse retrèt entènasyonal yo.

Seleksyon nasyonal la pral twoke kòn li ak Trinidad & Tobago 24 septanm k ap vini la, Kosta Rika, 27 septanm epi Repiblik Dominikèn, premye oktòb 2026.

Men lis 24 jwè yo :

GADYEN

Alexandre Pierre — FC Sochaux

Josué Duverger — FC Cosmos Koblenz

Jonah Mednard — Wake Forest University

DEFANSÈ

Carlens Arcus — Angers SCO

Duke Lacroix — Colorado Springs

Martin Experience — Dender

Jean-Kévin Duverne — Omonia Nicosia

Hannes Delcroix — FC Lugano

François Dulysse — KF Vllaznia

Garven-Michée Metusala — Colorado Springs Switchbacks

MITAN TEREN

Carl-Fred Sainthe — El Paso Locomotive FC

Jean-Jacques Danley — Philadelphia Union

Jeanricner Bellegarde — Wolverhampton

Pierre Woodensky — Forge FC

Dominique Simon — FK Pardubice

ATAKAN

Louicius Deedson — FC Sochaux

Ruben Providence — Bodrumspor

Josué Casimir — Dynamo Moscou

Fabrice « Fafa » Picault — Atlanta FC

Wilson Isidor — Sunderland AFC

Kenny Quetant — SV Werder Bremen

Frantzdy Pierrot — AEK Atenas

Yassin Fortune — FC Vizela

Dany Jean — SCU Torreense

ANTRENÈ : David Badia

Kreyòl Enfo

18/09/2026 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYON

Jounalis Michel Antoine, prezidan RENAMEL, pase yon move moman anba men plizyè militè

by Kreyòl Enfo 18/09/2026
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 18 septanm 2026.- Prezidan Rezo Nasyonal Medya Nimerik yo (RENAMEL, sig nan lang franse), Michel Antoine, viktim anba men plizyè sòlda nan Fòs Lame Ayiti a (FAd’H) , ayè vandredi a, nan kalfou ri Louvèti ak Jefra, komin Petyonvil.

Pages : 1 2

18/09/2026 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.