Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

AKTYALITE

ENSEKIRITEAKTYALITE

Yon ofisye kenyen tonbe anba bal bandi nan Latibonit

by Kreyòl Enfo 24/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 23 fevriye 2025 .– Yon premye sòlda nan Misyon miltinasyonal k ap apiye sekirite Ayiti a (MMSS) tonbe anba bal bandi, dimanch 23 fevriye a, nan zòn Savyen, depatman Latibonit. Sòlda ki mouri a te soti nan peyi Kenya, daprè sa Misyon an presize nan yon kominike.

Viktim nan te resevwa plizyè bal pandan yon operasyon ajan polis nasyonal Ayiti a nan tèt kole ak ofisye fòs MMSS la t ap mennen kont bandi yo nan lokalite Segi , zòn Savyen. Otorite yo te gentan kouri ak ofisye blese a nan elikoptè pou mennen li al pran laswenyay nan Lopital Nivo 2, nan Aspèn. Malerezman, sòlda a pat ka reziste anba blesi yo, li rann dènye souf li, toujou daprè eksplikasyon ki nan kominike a.

Misyon miltinasyonal k apiye sekirite Ayiti a te kòmanse deplwaye sou tèren an depi mwa jen 2024. Malgre anpil pwomès, misyon sa ki konpoze ak sòlda epi polisye ki soti nan plizyè peyi poko kapab ede frennen machin ensekirite a ki pa sispann krabinen sitwayen nan divès rejyon.

Kreyòl Enfo

24/02/2025 0 comments
AKTYALITE

Lanmò : Franketienne, yon mapou nan literati a, travèse

by Kreyòl Enfo 21/02/2025
Kreyòl Enfo

21 fevriye 2025 .– Ekriven, atis pent epi pwofesè ayisyen Jean Pierre Basilic Dantor Franck Etienne d’Argent (Franketienne) mouri lakay li nan komin Dèlma , jedi 20 fevriye a, aprè yon malèz. Lanmò ekriven an ki te genyen 88 lane plonje tout kominote literè ak entèlektyèl peyi a nan dèy.

Franketienne se youn nan fondatè mouvman literè « spiralisme » ansanm ak René Philoctère ak Jean Claude Fignolé. Franketienne se te tou yon pwomotè lang kreyòl . Woman Dezafi ki parèt nan lane 1975 se yon senbòl ki montre angajman ekriven an nan pouse lang kreyòl ayisyen an.

Franketienne fèt 12 avril 1936 nan zòn Ravin Sèch, yon lokalite nan depatman Latibonit. Papa pwofesè a ki te yon endistriyèl ameriken te abandone manman l. Franketienne grandi nan katye Bèlè kote li te patisipe nan fòmasyon plizyè jenerasyon.

Kreyòl Enfo

21/02/2025 0 comments
AKTYALITEENTÈNASYONAL

San Ikrèn, ameriken ak ris chita pale nan peyi Arabisawoudit

by Kreyòl Enfo 19/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025.- yon delegasyon ameriken ki te genyen nan tèt li Sekretè Leta Marco Rubio chita pale ak chèf diplomasi ris la, Serguei Lavrov, ak konseye li jodi madi 18 fevriye a nan peyi Arabisawoudit. Diskisyon yo te fèt lide pou kòmanse negosyasyon pou mete bout nan lagè Ikrèn nan, daprè Washington ak Moskou.

Aprè chita pale sa ki te dire plis pase kat èd tan edmi, Sekretè Leta ameriken an di li kwè Larisi vle angaje li nan yon pwosesis serye pou fini ak gè a. Li siyale tout aktè entènasyonal ap gen plas yo nan negosyasyon yo sitou Ikrèn ak Inyon ewopeyèn. Marco Rubio deklare tou fòk akò sou Ikrèn nan « jis epi akseptab ».

Delegasyon ris la bò kote pa l eksplike se te yon diskisyon serye kote enterè 2 peyi yo te nan mitan deba yo. Serguei Lavrov di li remake Etazini kòmanse pi byen konprann pozisyon Larisi.

Otorite ikrenyen yo ki pat resevwa envitasyon pou patisipe nan rankont sa denonse yon tantativ yo di ki pap bay okenn rezilta. Vlodymyr Zelensky fè kwè pa ka genyen negosyasyon sou Ikrèn san Ikrèn.

Lidè ameriken an, Donald Trump, ki t ap reyaji sou rankont ki fèt Arabisawoudit jodi a di li satisfè pou jan diskisyon yo te dewoule. Trump anonse li ta dwe rankontre ak Vladimir Poutine avan mwa fevriye a fini.

Kreyòl Enfo

19/02/2025 0 comments
KILTIAKTYALITE

Ofisyèl : Kanaval nasyonal la anile

by Kreyòl Enfo 19/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025.– Nan yon kominike ki pote dat 17 fevriye 2025, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) anonse li anile kanaval nasyonal ane sa a ki te genyen pou òganize nan vil Fòlibète, depatman Nòdès. Yon desizyon otorite yo di yo pran akoz sitiyasyon sekirite a ki vin pi malouk nan peyi a.

 

Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an souliye nan kominike a, yo pran desizyon pou anile kanaval la sitou aprè anpil sitwayen pat kache enkyetid yo sou òganizasyon evènman an pandan ensekirite ap vale teren.

 

Toutfwa, gouvènman an presize chak rejyon ap toujou òganize pwòp aktivite kanaval yo yon manyè pou rèspekte tradisyon popilè a. Leta ayisyen pwomèt l ap soutni sektè kiltirèl la pou pèmèt atis yo kontinye fè tande vwa yo epi pouse kilti peyi a pi lwen.

Kreyòl Enfo

19/02/2025 0 comments
EKONOMIAKTYALITE

Wanament : CODEVI revoke 115 ouvriye paske yo t ap mande pi bon kondisyon travay

by Kreyòl Enfo 19/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 fevriye 2025 .– Konpayi Devlopman Endistriyèl moun plis konnen sou non « CODEVI » revoke 115 ouvriye ki t ap revandike pou pi bon kondisyon travay ak ogmantasyon salè. Youn nan viktim yo ki souliye li t ap travay nan pak endistriyèl sa depi plis pase 10 lane presize se nan yon mesaj vokal 115 ouvriye yo aprann yo pèdi travay yo.

Prezidan Santral Otonom Travayè Ayisyen yo (CATH, sig nan lang franse), Fignolé Saint-Cyr denonse konpòtman rèsponsab CODEVI yo. Sendikalis la eksplike sa ki pi grav la Konpayi Devlopman Endistriyèl revoke ouvriye yo sou baz atik 42 kòd travay la yon manyè pou l pa dedomaje yo.

Pou fòse rèsponsab CODEVI yo retounen sou desizyon yo, Santral Otonom Travayè Ayisyen yo anonse yon jounen grèv pou jedi 20 fevriye a. Fignolé Saint-Cyr mande tout ouvriye rèspekte jounen grèv sa. Li presize tout anplwaye yo ap siyen nòmalman, men yo pap travay.

CATH menase pou paralize CODEVI si rèsponsab yo pa retounen sou desizyon yo. Fignolé Saint-Cyr mande tout lòt sendika pote kole pou defann dwa ouvriye yo.

Malgre plizyè tantativ nan telefòn, redaksyon Kreyòl Enfo pat rive jwenn pozisyon reprezantan CODEVI yo sou dosye sa.

Kreyòl Enfo

19/02/2025 0 comments
ENSEKIRITEAKTYALITE

Kenskòf : yon sòlda ayisyen ak yon ajan BSAP tonbe anba bal bandi

by Kreyòl Enfo 17/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 16 fevriye 2025 .– Bandi k ap feraye nan gwoup kriminèl « Viv Ansanm » atake komin kenskòf douvanjou dimanch 16 fevriye 2025 la. Pandan atak sa zagoloray yo touye yon sòlda nan fòs lame Ayiti a ak yon ajan Brigad sekirite zòn pwoteje yo ( BSAP, sig nan lang franse).

Pòt pawòl polis nasyonal la, Lionel Lazarre, ki konfime enfòmasyon an souliye viktim yo t ap sekirize yon « pozisyon estratejik » ki rele Baz Teleko nan moman bandi yo te simen katouch epi wete lavi yo. De (2) lòt sòlda nan lame Ayiti a soti blese tou pandan atak sa.

Rèsponsab polis la ki pat bay presizyon sou idantite viktim yo fè kwè fòs lòd yo rive chase bandi yo ki te okipe Baz Teleko a. Enpòtan poun presize gen anpil materyèl telekominikasyon sitou antèn radyo ak televizyon nan pozisyon sa.

Depi nan kòmansman ane 2025 la, gwoup kriminèl Viv Ansanm ap tante pran kontwòl komin Kenskòf. Yon sitiyasyon ki deja lakoz plis pase 50 moun pèdi lavi yo anba bal asasen yo.

Kreyòl Enfo

17/02/2025 0 comments
AKTYALITEENTÈNASYONAL

Trump ak Poutine diskite nan telefòn pandan plis pase 90 minit

by Kreyòl Enfo 13/02/2025
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 12 fevriye 2025 .- Prezidan ameriken an, Donald Trump, ansanm ak lidè peyi Larisi a, Vladimir Poutine, pale pandan plis pase 90 minit nan telefòn mèkredi 12 fevriye a sou kòman yo ka mete bout nan lagè Ikrèn nan.

Sou rezo sosyal yo, Trump di li menm ak Poutine vle kanpe machin lanmò ki deja lakoz  » plizyè milyon sòlda ak sivil pèdi lavi yo ». De (2) dirijan yo pran angajman pou kòmanse ak negosyasyon yo san pèdi tan.

 

Donald Trump siyale Ikrèn pral oblije renonse ak yon pati nan tèritwa li ki deja anba dominasyon Larisi epi abandone lide pou l rantre nan Òganizasyon Trète Atlantik Nò a ( OTAN).

Touswit aprè li fin pale ak Poutine, Lidè ameriken an te rele prezidan ikrenyen an Volodymyr Zelensky toujou pou diskite sou kòman yo ka mete bout nan konfli sa ki te demare depi 24 fevriye 2022.

Kreyòl Enfo

13/02/2025 0 comments
AKTYALITE

Sid : sitiyasyon an konplike depi aprè tranbleman tè 14 dawout la, OSET mande sekou pou timoun yo

by Kreyòl Enfo 23/11/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 novanm 2021.- Òganizasyon Sosyal Ede Timoun ( OSET) kònen lanbi nan zòrèy otorite yo ak rès sosyete a sou sitiyasyon difisil timoun yo ap travèse nan rejyon Sid peyi a sitou depi aprè tranbleman tè 14 dawout pase a. Òganizasyon an k ap akonpaye timoun nan depatman Sid la sitou nan komin Aken depi plizyè lane remake anpil timoun nan zòn nan gen gwo difikilte pou yo jwenn lamanjay ak dlo pou yo bwè san konte pwoblèm lopital, lekòl, elatriye.

Kòdonatè jeneral OSET la, Claudy Joseph, kwè gen gwo malè ki pandye sou tèt timoun yo nan depatman Sid la si Leta ak lòt enstitisyon yo pa pote sekou bay sila ki plis nan nesesite yo . Claudy Joseph raple OSET gen 4 lane depi l ap òganize klinik mobil, distribiye kit eskolè nan plizyè lekòl, separe kit alimantè ak divès lòt aksyon pou ede timoun yo.

Kòdonatè a di manm òganizasyon an gen anpil volonte pou kontinye akonpaye timoun yo, men yo manke mwayen. Li souliye se gras ak bourad lajan kèk bon samariten ki pèmèt OSET ede timoun yo. Rèsponsab la ankouraje tout lòt òganizasyon ak sitwayen ki gen posibilite pou ede ankadre timoun yo.

Mesye Claudy Joseph raple si sosyete a pa ankadre timoun yo jodi a yo ka tounen yon gwo menas pou sosyete a.

Kreyòl Enfo

23/11/2021 0 comments
AKTYALITE

Galon jòn nan men, polisye ak chofè motosiklèt pete eskonbrit nan yon ponp gaz

by Kreyòl Enfo 06/11/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 5 novanm 2021.- Malgre piblikasyon yon nòt pou entèdi polisye ak inifòm pran liy nan ponp gaz yo, yon gwoup ajan Inite sekirite jeneral palè nasyonal (USGPN, sig nan lang franse) maspinen, vandredi 4 novanm nan, plizyè chofè taksi motosiklèt ki t ap tante achte gaz nan ponp Kalfou Tifou a (Pòtoprens).

Plizyè temwen ki rapòte enfòmasyon an eksplike polisye yo debake nan ponp la ak plizyè gwo galon jòn epi pase tout moun ki te deja ap tann lòd pou mete kò yo sou kote. Kèk nan chofè taksi motosiklèt ki pat vle deplase pase yon move moman anba men polisye yo.

Chofè motosiklèt yo ak lòt sitwayen ki t ap tante achte gaz nan ponp la tou te kalonnen polisye ak ķout wòch. Ajan USGPN yo tire plizyè katouch anlè pou kalme sitiyasyon an.

Se prèske nan tout peyi a polisye ak tout inifòm ap goumen nan liy pou achte gaz nan divès ponp nan peyi a. Yon seri imaj ki degrade plis toujou enstitisyon polisyè a ki te deja ap fè fas ak anpil kritik nan sosyete a.

Kreyòl Enfo

06/11/2021 0 comments
AKTYALITE

Kidnaping : nan kad yon « echanj ak Leta ayisyen », 400 Mawozo libere 3 nan otaj relijye yo

by Kreyòl Enfo 23/04/2021
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 avril 2021.- Bandi nan gang 400 Mawozo libere, jodi jedi a (22), twa (3) pami relijye yo te kite kidnape depi anviwon 12 jou. Pòt pawòl Konferans relijye ayisyen yo (CHR, sig nan lang franse) pè Gilbert Peltrop ki konfime enfòmasyon an prezise 2 sitwayen fransè yo toujou anba men bandi yo.

Kriminèl yo aksèpte libere 3 nan otaj yo nan kad yon « echanj » ak Leta ayisyen. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) , bandi 400 Mawozo yo ta egzije liberasyon Yonyon, youn nan manm ki fonde gang la, avan yo libere relijye yo. Leta ayisyen ta koube anba egzijans bandi yo epi libere Yonyon ki te fèmen nan penitansye nasyonal.

Nan yon mesaj vokal ki t ap fè laviwonn rezo sosyal yo, lidè 400 Mawozo a, Lanmò san jou, te deklare Leta ayisyen an dwe fè yon jès si yo vle jwenn liberasyon relijye yo. Rèsponsab legliz katolik kontinye egzije liberasyon frè ak sè yo ki toujou anba men bandi yo.

Kreyòl Enfo

23/04/2021 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.