Michel Antoine eksplike li t ap fè foto arèstasyon
yon jèn gason ki te nan mitan yon diskisyon ak 2 fanm. Militè ki t ap fè arèstasyon an te kòmanse maspinen jèn gason an, daprè sa Direktè Jeneral Haiti Standard a di li konstate.
Pandan l ap pran imaj arèstasyon an, Michel Antoine di britsoukou plizyè sòlda kouri sou li, kenbe l nan kòlèt, bouskile l epi sezi telefòn li. Militè yo fòse jounalis debloke aparèy la epi efase tout imaj arèstasyon an. Prezidan RENAMEL la presize youn nan militè yo te pwente yon zam manch long sou li pandan konpayèl li yo t ap efase imaj yo.
Nan yon kominike, Rezo Nasyonal Medya Nimerik yo kondane agresyon militè yo fè sou prezidan an. RENAMEL swete otorite yo fè limyè sou ensidan sa. Rezo a mande tou pou militè yo ak tout lòt otorite ki pote zam nan peyi a rèspekte travay jounalis yo ak dwa popilasyon an genyen pou resevwa bon jan enfòmasyon.
Kreyòl Enfo
