Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

FAd’H

ENFÒMASYON

Koperasyon : 114 militè ayisyen ap patisipe nan 2 mwa fòmasyon Meksik 

by Kreyòl Enfo 19/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 19 septanm 2026.- Yon gwoup 114 militè ayisyen kite peyi a, ayè vandredi a (18), pou al patisipe nan yon fòmasyon 8 semèn nan peyi Meksik. Ministè Defans ki anonse nouvèl la presize kontenjan militè ayisyen ki ale Meksik la gen 108 nouvo sòlda ak 6 akonpayatè.

Fòmasyon sa ki rantre nan kad koperasyon Ayiti ak Meksik gen pou objèktif ranfòse kapasite sòlda ayisyen yo pou mennen bon jan operasyon ak modènizasyon Fòs Lame Ayiti a ( FAd’H, sig nan lang franse), daprè rèsponsab ministè defans yo. Direktè pou Amerik santral ak karayib la nan ministè Relasyon eksteryè meksiken, Carlos Imanol B. Reyes, sou bò pa l siyale Ayiti ak Meksik ap viv yon moman istorik depi lè 2 peyi yo kòmanse genyen relasyon diplomatik.

Nan non Fòs Lame Ayiti a, kolonèl Néoclès Arné remèsye otorite meksiken yo pou kontribisyon peyi Meksik pote nan fòmasyon nouvo militè ayisyen yo. Kolonèl la prezante koperasyon sa tankou yon lòt pa ki franchi nan pwosesis rekonstriksyon FAd’H la.

Mario Andrésol k ap dirije ministè ayisyen defans la pa janm sispann raple objèktif li se ogmante kantite sòlda ki nan lame a epi pèmèt yo jwenn bon jan materyèl ak fòmasyon pou pèmèt lame a garanti defans tèritwa nasyonal la epi kontribiye nan tabli bon jan sekirite ak lapè nan peyi a.

Kreyòl Enfo

19/09/2026 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYON

Jounalis Michel Antoine, prezidan RENAMEL, pase yon move moman anba men plizyè militè

by Kreyòl Enfo 18/09/2026
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 18 septanm 2026.- Prezidan Rezo Nasyonal Medya Nimerik yo (RENAMEL, sig nan lang franse), Michel Antoine, viktim anba men plizyè sòlda nan Fòs Lame Ayiti a (FAd’H) , ayè vandredi a, nan kalfou ri Louvèti ak Jefra, komin Petyonvil.

Pages : 1 2

18/09/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.