Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

AKTYALITE

AKTYALITESOSYETE

Kreyòl Enfo ap ekri depi 10 lane, ayisyen tribòbabò konprann

by Kreyòl Enfo 07/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026.- Premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen, Kreyòl Enfo (KE) ap selebre 10e anivèsè l jounen mèkredi 7 oktòb 2026 la. Depi li fin boujonnen nan lane 2016, Kreyòl Enfo tounen youn nan premye sous enfòmasyon pou ayisyen nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a. Yon platfòm ki bay tout sitwayen lavwa ochapit epi pèmèt yo konprann sa yo li ak sa yo tande san grate tèt.

Anba lobedyans Pwopriyetè epi Dirèktè Jeneral li, Johnson DEROSIN, Kreyòl Enfo se yon zouti pou konsyantize sou nesesite pou medya yo itilize kreyòl, lang ki pote idantite pèp ayisyen an. Kreyòl Enfo ofwi tèt li tou kòm platfòm pou ekspoze tout travay syantifik ki pwodwi nan lang kreyòl. Plis nou itilize epi pwodwi nan lang kreyòl se plis motè rechèch ak entèlijans atifisyèl yo vin pi enterese ak lang pèp ayisyen an.

Kreyòl Enfo gen anpil rekonesans pou dividal moun k ap swiv li sou rezo sosyal yo ak sit entènèt li a. Li remèsye tou ansanm kolaboratè ki pèmèt li trete epi pataje enfòmasyon verifye ak sitwayen yo.

Kreyòl Enfo

07/10/2026 0 comments
AKTYALITEELEKSYON

Eleksyon ranvwaye ? : KEP a ap travay sou yon nouvo kalandriye

by Kreyòl Enfo 06/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 6 oktòb 2026 .- Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) anonse li pwolonje peryòd pou kandida yo enskri sou entènèt epi depoze dokiman ki nesesè yo nan Biwo Elektoral Depatmantal yo (BED). Peryòd enskripsyon sa ki te dwe fini 14 oktòb k ap vini la a pwolonje jiska 31 oktòb 2026. KEP a ranvwaye tou peryòd ki te prevwa pou demare ak kanpay elektoral la.

Yon rèsponsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki pale ak Kreyòl Enfo anonse dat 13 desann ki te prevwa pou premye tou eleksyon yo  » p’ap kenbe ». Rèsponsab sa ki pa vle non l site di yo prèske fin travay sou nouvo kalandriye elektoral la. Li fè kwè nouvo kalandriye sa ta dwe pibliye nan jou k ap vini la yo.

Otorite yo nan gouvènman an nan tèt kole ak KEP a chanje tou plizyè atik nan dekrè elektoral la. Youn nan atik ki chanje nan dekrè a se 253. Otorite yo retire obligasyon atik sa te fè kandida yo pou pran yon dokiman nan Bank Repiblik Ayiti a ( BRH, sig nan lang franse) pou konplete dosye yo.

Plizyè sitwayen k ap prepare pou al poze kandidati yo nan pwochèn eleksyon yo bat bravo pou kèk chanjman ki fèt nan dekrè elektoral la ak nouvo kalandriye  ki pral soti a. Dieunet Sineus ki vle kandida pou pòs depite nan dezyèm sikonskripsyon Pòtoprens la di eleksyon pa ka fèt nan peyi a si pwoblèm ensekirite a pa rezoud.

Kreyòl Enfo

06/10/2026 0 comments
AKTYALITEJISTIS

Baradè : plizyè endividi anba kòd nan dosye asasina ansyen depite Dupner Clément an

by Kreyòl Enfo 05/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 5 oktòb 2026.- Otorite yo nan depatman Nip la fouke, pandan wikenn nan, plizyè endividi ki ta enplike nan lanmò ansyen depite sikonskripsyon Baradè ak Gran Boukan an, Dupner Clément. Gen de (2) pami sispèk lapolis arete yo ki t ap travay ak depite a, daprè enfòmasyon yo.

Yon abitan nan zòn nan ki pale ak redakayon Kreyòl Enfo eksplike depite Dupner Clément, 49e lejislati, te gentan revoke 2 sispèk ki anba men lapolis yo. Moun nan zòn nan plis konnen endividi sa yo sou non « Semalè » ak « Leandre » . Sitwayen an di depite a te revoke endividi sa yo paske yo ta vòlè lajan ak lòt bagay ki te gen nan kay la.

Yo te dekouvri kadav ansyen depite Dupner Clément 24 septanm pase a, nan lakou lakay li. Kadav palmantè a te gen san nan bouch ak atè kote li te alonje a.

Otorite nan depatman Nip la pwomèt pou fè limyè sou asasina Dupner Clément ki t ap prepare l pou poze kandida nan eleksyon k ap vini yo.

Kreyòl Enfo

05/10/2026 0 comments
AKTYALITEPOLITIK

Eleksyon : Gary Bodeau, kandida pou pòs prezidan, vizite plizyè pwojè nan Nòdwès ki te kòmanse pandan adminisyon Jovenel Moise la

by Kreyòl Enfo 05/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 5 oktòb 2026.- Kandida pou pòs prezidan anba banyè REKONSILYE a, Gary Bodeau, fè yon virewon politik nan depatman Nòdwès la pandan Wikenn nan. Pandan deplasman sa, ansyen Prezidan chanm depite a te vizite plizyè pwojè ki te kòmanse pandan administrasyon ansyen prezidan Jovenel Moise la.

Nan vil Pòdepè, kandida REKONSILYE a te vizite santral elektrik Lasalin nan, ansanm ak lokal pwojè jeyotèmi an « Geo-Plasme ». Gary Bodeau eksplike si yon prezidan te kòmanse yon pwojè, li pa dwe disparèt lè manda prezidan sa fini, men pito li dwe ranfòse nan benefis popilasyon an.

Kandida a deja fè virewon politik sa yo nan lòt depatman nan peyi a. Nan Nip, semèn pase a, Gary Bodeau te pwomèt pou l rekonsilye nasyon an. Li raple yon pèp ki divize pap kapap pwogrese.

Nan Nòdwès, ansyen depite a souliye plizyè sektè estratejik li idantifye kòm priyorite pou mete peyi a sou wout chanjman. Gary Bodeau envite tout ayisyen mete men pou retire peyi a nan sitiyasyon malouk l ap travèse jounen jodi a.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a, nan yon nòt li pibliye semèn pase a, raple tout moun peryòd kanpay la poko kòmanse. KEP voye yon pinga bay tout potansyèl kandida, pati ak gwoupman politik ki tá gen lide fè kanpay avan dat ki prevwa nan dekrè elektoral la.

Kreyòl Enfo

05/10/2026 0 comments
AKTYALITEENTÈNASYONAL

Brezil : Lula ak Bolsonaro kòtakòt nan yon eleksyon ki anba menas enjerans ameriken

by Johnson DEROSIN 03/10/2026
Johnson DEROSIN

Kreyòl Enfo, 3 oktòb 2026.- Dimanch 4 oktòb sa plis pase 158 milyon brezilyen anrejistre pou al vote nan eleksyon jeneral yo. Sou 12 kandida ki nan kous la pou pòs prezidan, Luiz Inácio Lula da Silva (PT, degoch ) ak Flávio Bolsonaro (PL, ekstrèm dwat) se 2 favori yo. Dènyè sondaj ki pibliye lavèy eleksyon an montre aktyèl prezidan an, Lula, gen 45 % nan entansyon vòt yo, pandan Flávio Bolsonaro, pitit ansyen prezidan Jair Bolsonaro, vini touswit dèyè ak 42%.

Pandan kanpay la, prezidan Lula vann bilan li. Tout sa li reyalize nan tèt peyi Brezil pandan 3 manda. Kandida PT a raple tou batay ak lit li mennen kont inegalite sosyal ak povrete. Lula pwomèt l ap mete 15% sou lajan chak fanmi ki benefisye pwogram sosyal « Bolsa Família » a.

Kandida ekstrèm dwat la sou bò pa l pwomèt l ap konbat krim òganize, defann valè lafanmi, liberalizasyon ekonomi an epi rapwoche Etazini nan dosye jeyopolitik yo.

Enjerans Etazini se youn nan gwo menas ki pandye sou tèt eleksyon Brezil ane sa a. Prezidan ameriken an, Donald Trump, pa janm rate okazyon pou montre l ap soutni kan Bolsonaro a. Nan lane 2025, aprè lajistis te fin kondane ansyen prezidan Jair Bolsonaro pou tantativ Koudeta aprè defèt li nan lane 2022, prezidan ameriken enpoze gwo sanksyon kont pwodwi k ap soti nan peyi Brezil. Eduardo Bolsonaro, ti frè Flávio, abandone yon manda depite pou al viv Etazini nan lide pou fè lobby bò kote administrasyon amerikèn nan.

Jedi premye oktòb pase a gouvènman brezilyen an louvri yon ankèt sou tantativ yo di Etazini ap fè pou rantre bouch nan eleksyon an anfavè kandida ekstrèm dwat la. Yon ankèt ki louvri sitou aprè jounal britanik The Guardian di li gen enfòmasyon Etazini ta envesti yon milyon dola vèt bay kèk òganizasyon nan sosyete sivil la ki opoze ak pouvwa Lula a.

158 milyon elektè yo, pami yo plizyè milye gen rasin yo Ayiti, ap gen pou chwazi yon prezidan ak vis prezidan, yon gouvènè, 2 senatè, yon depite federal epi yon depite pou eta yo oubyen distri federal la.

Johnson DEROSIN

03/10/2026 0 comments
AKTYALITEESPÒ

Foutbòl : Ayiti – Repiblik Dominikèn, tout tikè pou match la gentan fin vann

by Kreyòl Enfo 01/10/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, premye oktòb 2026 .- Seleksyon nasyonal la pral jwe kont Repiblik Dominikèn, aswè jedi a (8tè), nan estad Olenmpik Félix Sanchez la, Santo Domingo. Federasyon dominikèn foutbòl la (FDF) anonse tout tikè kite disponib pou asiste match la deja fin vann.

Rèsponsab FDF yo presize tout 22 838 tikè regilye ki te disponib yo deja vann, plis 363 tikè ki distribiye bay ofisyèl ak envite (espas VIP). Se premye fwa nan listwa gen tout mobilizasyon sa pou yon match foutbòl Repiblik Dominikèn.

2 ekip yo pral batay pou garanti plas yo nan kadefinal (1/4 final) Lig Nasyon Concacaf yo. Ayiti ak Repiblik Dominikèn gen yo chak 6 pwen aprè 2 jounen konpetisyon. Ansanm ak Kiraso, 2 ekip yo pataje premye plas Gwoup A a.

Antrenè seleksyon nasyonal la, David Badia, ta dwe aliye pratikman menm ekip ki te demare nan viktwa kont Kostarika (2-0) dimanch pase a. Grenadye yo gen yon motivasyon espasyal pou match kont Repiblik Dominikèn aswè a, daprè sa yon kolaboratè Kreyòl Enfo ki te visite seleksyon an konstate.

Kreyòl Enfo

01/10/2026 0 comments
AKTYALITEELEKSYONPOLITIK

Eleksyon : komisè Muscadin ak « Pwofèt Markinson » kandida anba lobedyans menm pati Politik

by Kreyòl Enfo 30/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 septanm 2026.- Komisè gouvènman  Miragwàn nan, Jean Ernst Muscadin, enskri sou sit Konsèy Elektoral Pwovizwa kòm kandida pou pòs prezidan anba lobedyans pati Fòs Chanjman Nasyonal (FCN). Toujou jodi mèkredi a, Markinson Dorilas moun plis konnen sou non « Pwofèt Markinson » enskri pou pòs senatè Lwès anba menm pati a politik la.

Kontrèman ak egzijans dekrè elektoral la, komisè Muscadin enskri san li pa demisyone. Sepandan, daprè atik 153, paragraf 16 nan dekrè elektoral la, yon ofisyèl nan Leta a dwe demisyone nan pòs li 2 mwa avan li enskri kòm kandida.

Markinson Dorilas ki enskri pou pòs senatè anba menm pati politik la gen sèlman 10 jou depi li soti nan prizon. Pwofèt Markinson te pase plizyè mwa nan prizon pou yon dosye eskwokri. Jij enstriksyon Étienne Mercier ki te siyen desizyon pou libere pwofèt la mande pou dezòmè kandida a toujou rete disponib pou lajistis.

Enpòtan pou n raple pwofesè Augustin D’Mezza te demisyone nan tèt Fòs Chanjam Nasyonal ayè madi a. Plizyè sous pwòch pati a fè kwè se akoz direksyon pati a chwazi pwofèt Markinson pou senatè ki pouse pwofesè a kite tèt pati a.

Kreyòl Enfo

30/09/2026 0 comments
ELEKSYONAKTYALITEDYASPORA

Yon delegasyon KEP a rive nan peyi Brezil pou obsève eleksyon 4 oktòb yo

by Kreyòl Enfo 30/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 septanm 2026.- Yon delegasyon ki soti nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ateri nan peyi Brezil pou obsève eleksyon ki pral òganize 4 oktòb k ap vini la a. Misyon sa rantre nan kad demach pou boukante eksperyans ak otorite brezilyen yo, daprè yon nòt KEP a pibliye.

2 konseye elektoral konpoze degasyon ki rive Brezil la : Patrick Saint-Hilaire ak Marie Florence Mathieu. Reprezantan KEP yo gen misyon pou swiv premye tou eleksyon jeneral yo k ap fèt pou pòs prezidan ak vis prezidan, gouvènè, senatè, depite federal ak depite pou chak Eta yo ak Distri Federal la.

Pandan misyon sa, delegasyon an ap rankontre divès otorite ak aktè elektoral nan peyi Brezil. Y ap genyen pou chanje enfòmasyon epi pran eksperyans k ap sèvi nan reyalizasyon eleksyon yo Ayiti, daprè Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la peyi Brezil louvri pòt li pou akeyi imigran ayisyen. Enfòmasyon ki soti nan Polis Federal (PF) konfime gen anviwon 100 mil ayisyen k ap  Brezil.

Kreyòl Enfo

30/09/2026 0 comments
AKTYALITEDYASPORAEKONOMI

Gilbert Bigio, gwo zotobre nan sektè prive ayisyen an, mouri nan peyi Etazini

by Kreyòl Enfo 29/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Biznismann ayisyen Gilbert Bigio mouri, jodi madi 29 septanm 2026 la, nan eta Florid, peyi Etazini. Fanmi biznisman nan ki konfime enfòmasyon an pou plizyè medya pa bay presizyon sou sikonstans lanmò  a. Fondatè GB Group la anpil obsèvatè konsidere kòm moun ki te gen plis lajan nan peyi a te pase plizyè dizèn lane nan tèt sektè prive ayisyen an.

Gilbert Bigio te konn envesti nan plizyè sektè tankou enèji, imobilye (konstwi kay pou vann), pwodwi alimantè, ponp gazolin, materyo konstriksyon, elatriye. Pò Lafito, nan depatman Lwès, se te youn nan pwojè Group Bigio.

Enpòtan pou nou raple nan mwa desanm 2022 peyi Kanada te pran plizyè sanksyon kont biznisman nan. Gouvènman kanadyen an te akize Gilbert Bigio kòm moun ki t ap itilize enfliyans li pou lave lajan sal epi tete lang ak gang k ap fè lalwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Lantèman Gibert Bigio, 91 lane, ap chante jedi premye oktòb, nan Hollywood, eta Florid.

Kreyòl Enfo

29/09/2026 0 comments
SOSYETEAKTYALITE

Yon 11e bouji pou La Brève Info, Jean Michel Sincère lonje dwèt sou danje ki menase medya nimerik yo

by Kreyòl Enfo 29/09/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 29 septanm 2026.- Medya nimerik La Brève Info selebre 11e anivèsè li jodi madi 29 septanm 2026 la. Pwopriyetè epi Dirèktè Jeneral La Brève Info a, jounalis Jean Michel Sincère, pwomèt l ap kontinye fè yon travay pwofesyonèl epi pataje enfòmasyon ki verifye ak sitwayen yo.

Jounalis la ki di li konstate ak anpil satisfaksyon medya nimerik yo se youn nan premye sous enfòmasyon sitwayen yo, regrèt kontwòl ki pa genyen nan sektè a. Jean Michel Sincère di se yon danje pou pwofesyon jounalis la lè nenpòt moun ki kreye yon paj sou Facebook rele tèt li jounalis san rèspekte egzijans metye a. Li siyale pwoblèm mwayen ki anpeche medya yo angaje bon jan teknisyen ak jounalis pwofesyonèl pou pi byen sèvi popilasyon an sitou nan vil pwovens yo.

Rèsponsab La Brève Info a se youn nan manm fondatè RENAMEL ( Rezo Nasyonal Medya Nimerik yo),  yon estrikti k ap  akonpaye medya yo. Jean Michel Sincère swete gen plis fòmasyon ki fèt pou jounalis miltimedya yo li raple k ap travay nan kondisyon difisil.

La Brève Info ap kontinye devlope pou ofri plis opsyon pou sitwayen yo ka gen aksè ak bon jan enfòmasyon, daprè Jean Michel Sincère. Li pwofite remèsye tout moun k ap swiv yo sou rezo sosyal yo ansanm ak ekip redaksyon an.

Kreyòl Enfo pwofite okazyon an pou swete yon bon 11e anivèsè ak tout ekip La Brève Info a.

Kreyòl Enfo

29/09/2026 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.