Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

AKTYALITE

AKTYALITE

Ayiti : absans Palman an, yon boulva pou machin ensekirite a

by Kreyòl Enfo 13/02/2020
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 2 novanm 2020.- Pandan 8 dènye ane yo, Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK, sig nan lang franse) mennen yon gwo kanpay pou lage diskredi sou Palman ayisyen an, youn nan sèl grenn enstitisyon ki te kapab fè faskare kont feblès ak demagoji rejim nan. (Se Lakoudèkont yo sible kounye a.)

Pou yon rezon oubyen yon lòt, anpil medya pote kole ak pouvwa a pou fè travay sa lè yo konfonn konpòtman malonèt palmantè yo ak enstitisyon Palman an li menn, ki se yon mayon enpòtan nan yon demokrasi.

Pwojè a reyisi. Jovenel Moïse, ak konplisite kominote entènasyonal la, chwazi pa òganize eleksyon pou Chanm Depite ak yon pati nan Sena Repiblik la. Palman kraze! Jovenel Moise ak patizan l yo fè konprann peyi a fè bèl ekonomi paske lajan yo te konn peye palmantè yo pral depanse nan konstwi lekòl (kote lekòl sa yo?).

Demokrasi chita sou prensip, lalwa, enstitisyon…Ayiti fè gwo defisi akòz palman sa ki pap fonksyone jounen jodi a – malgre palmantè yo pa te toujou fè travay yo.

Yon egzanp, pandan n ap plenyen sou rezo sosyal depi kèk mwa pou ensikerite ki blayi sou peyi a, si te genyen yon pouvwa lejislatif, nan semèn sa kanmenm palmantè yo je wont je t ap oblije konvoke Chèf Lapolis la, Minis Jistis, Minis Enteryè, menm Minis Edikasyon an pou vinn eksplike kòman bandi fè ap taye banda konsa epi ki plan yo genyen pou fouke atoufè yo ak garanti sekirite popilasyon an.

Nan yon « sosyete nòmal », sitwayen yo t ap kapab siyen petisyon, fè apèl osnon voye imèl nan biwo palmantè ki nan sikonskripsyon yo mande yo fòse pouvwa egzekitif la pran rèsponsabilite l. Se Komisyon Jisitis ak Sekirite nan Palman an ki t ap responsab pou fè konvokasyon epi prepare seyans sa.

Menmsi sa pa garanti ensikirite a t ap elimine, men omwens seyans sa t ap bay dirijan sa yo ( Minis, Direktè Lapolis, ak Palmantè yo) travay pou yo fè. Yo t ap oblije prepare kesyon, prepare dokiman pou reponn kesyon. Medya t ap transmèt seyans la, yo t ap pwodwi repòtaj. Sa ki t ap pwovoke gwo deba nan lopinyon piblik la.

Anpil nan nou pa menm konnen non Direktè Lapolis la. Poukisa? Paske se pa pou nou l ap travay, menmsi se lajan taks nou k ap peye l. Se Prezidan ki mete l nan pòs la, donk se Jovenel Moïse li dwe bay rapò. M panse Prezidan an satisfè pou rezilta travay Polis Nasyonal Ayiti a, sinon Direktè Jeneral la t ap gentan pèdi djòb li.

Nan tan nòmal, se Palman an – ki reprezante sitwayen yo – ki t ap ratifye kabinè Minis yo ak chwa Direktè Jeneral Lapolis la. Donk, yo t ap gen kont pou rann nou devan Palman an.

Nou ka toujou plenyen sou rezo sosyal, men sa pa p fè Jovenel Moïse ak ekip Tèt Kale a ni cho ni frèt. Yo gen yon boulva devan yo.

Pwojè nouvo konstitisyon l ap pouse a se pou l kapab bay pouvwa egzekitif la – Prezidan ak Minis yo – plis libète, san yo pa gen kont pou rann bay pèsòn. Dayè li pa janm kache rayisman li genyen pou enstitisyon li paka pase lòd yo tankou Lakoudèkont.

Se swa nou fè yon rejim boutdi, kote nou aksepte pou chèf yo pa gen kont pou rann nou, jan sa ye kounye a. Oubyen nou ka fè yon demokrasi kote n ap vote moun ki kapab reprezante nou kòmsadwa nan espas pouvwa yo.

Dezyèm solisyon an ap pase nan chemen eleksyon. Sa ap mande pou nou pran responsablite nou kòm sitwayen.

Obed Lamy

13/02/2020 0 comments
AKTYALITE

Ijan : ansyen depite Arnel Belizaire jwenn arèstasyon li nan vil Jakmèl

by Kreyòl Enfo 30/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 30 novanm 2019 .- Arnel Belizaire, ansyen depite Dèlma ak Taba, jwenn arèstasyon l nan lanwit vandredi pou louvri samdi 30 novanm 2019 la nan vil Jakmèl, depatman Sidès.

Pòt pawòl polis nasyonal la, Michel-Ange Louis Jeune, ki konfime enfòmasyon an pou Kreyòl Enfo (KE) presize se ajan Inite depatmantal pou tabli lapè (UDMO, sig nan lang franse) nan sidès ki arete ansyen palmantè a pandan li te nan machin ap rantre Jakmèl.

Michel-Ange Louis Jeune eksplike lapolis mete lapat sou 7 lòt endividi ki te akonpaye Arnel Belizaire ak 3 machin chaje zam ak minisyon.

Pakè Pòtoprens te mete manda pou arete Arnel Belizaire depi nan kòmansman semèn nan. Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontant, repwoche ansyen palmantè a kòm moun k ap fè konplo kont sekirite Leta.

Kreyòl Enfo

30/11/2019 0 comments
AKTYALITE

Pwotestasyon : Yon machin boule ak tout machandiz sou wout nasyonal nimewo 1 an

by Kreyòl Enfo 26/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 26 novanm 2019 .- Yon gwoup pwotestatè k ap egzije demisyon prezidan Jovenel Moise nan tèt peyi a mete dife, jodi madi a (26), nan yon gwo kamyon ki t ap transpòte machandiz sou wout nasyonal nimewo 1 an (RN1),nan zòn Akayè (lwès).

Enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE) konfime pwotestatè yo ki plizyè dizèn menase pou mete dife sou tout machin ki franchi barikad yo. Militan sa yo lage anpil moso boutèy sou wout la nan lide pou anpeche sikilasyon machin ak moto.

Wout nasyonal nimewo 1 an bloke nan zòn Akayè depi kòmansman mouvman ”peyi lòk » nan mwa septanm nan pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a. Malgre tantativ plizyè inite espesyalize nan Lapolis la, yo toujou poko ka reprann kontwòl sitiyasyon an.

Kreyòl Enfo

26/11/2019 0 comments
AKTYALITEPOLITIK

Nevyèm semèn « peyi lòk » : presyon an ap ogmante sou tèt Jovenel Moise

by Kreyòl Enfo 04/11/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 4 novanm 2019 .- Sitiyasyon an toujou rete mangonmen, jodi lendi a (4), nan kapital la (Pòtoprens) ak divès vil pwovens toujou nan kad batay k ap mennen pou fòse prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a.

Malgre garanti pouvwa a te bay pou pèmèt lavi reprann nan peyi a, Kreyòl Enfo konstate gwo barikad bloke prèske tout gwo kalfou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Anpil katouch ap tire tou nan zòn Matisan ak Dèlma 47..

Pou yon nevyèm semèn youn kole ak lòt, tout aktivite yo rete paralize nan kapital la. Lekòl pa fonksyone, gwo magazen ak labank rete ak pòt yo fèmen. Machin ak motosiklèt prèske pa sikile tou akoz barikad yo ki monte disèt wotè.

Plizyè inite nan Lapolis nasyonal la ansanm ak ajan CNE ap tante retire barikad yo. Sa ki lakoz gwo eskonbrit nan mitan fòs lòd yo ak pwotestatè k ap veye barikad yo nan divès katye.

Kreyòl Enfo

04/11/2019 0 comments
POLITIKAKTYALITE

Senatè Joseph Lambert vire do bay prezidan Jovenel Moïse epi rantre nan opozisyon

by Kreyòl Enfo 20/08/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 20 dawout 2019.- Prezidan Jovenel Moïse ak pouvwa Tèt kale a kontinye ap pèdi alye nan sena Repiblik la. Aprè senatè Saurel Jacinthe (Grandans) mwa pase a, senatè Sidès la Joseph Lambert anonse, lendi 19 dawout la, li vire do bay pouvwa a epi rantre nan opozisyon.

Sou kont twitè li, ansyen prezidan asanble nasyonal la ekri : « Pou peyi m, tout solidarite mwen te bay la (ak pouvwa a) kanpe pou yon opozisyon eklere epi konstriktiv ».

Senatè Joseph Lambert di li regrèt divès aksyon prezidan Jovenel Moïse ap poze yo riske lage peyi a nan yon katchouboumbe politik ak ekonomik.

« Zannimo politik la » pa ekate posibilite pou desann sou beton an pou manifeste kont prezidan Jovenel Moïse li estime k ap  » kraze peyi a ».

Kreyòl Enfo

20/08/2019 0 comments
AKTYALITE

Arnel Joseph, chèf gang Vilaj Dedye a anba kòd

by Kreyòl Enfo 22/07/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 jiyè 2019 .- Lapolis mete lapat, jodi lendi a (22 jiyè a), sou chèf gang Arnel Joseph nan vil Okay. Yon enfòmasyon Direktè jeneral Lapolis, Michel Ange Gédéon, konfime pou Kreyòl Enfo.

Direktè jeneral presize bandi a jwenn arèstasyon li pandan li t al pran laswenyay nan lopital  » Bonne fin » ki nan vil Okay.

Arnel Joseph jwenn arèstasyon li 2 mwa aprè li te fin blese anba bal nan zòn Machan Desalin (Latibonit) pandan li t ap boukante kout zam ak yon lòt gwoup bandi. Pou kounye a, Arnel Joseph nan gadavi andedan komisarya Okay la.

Kreyòl Enfo

22/07/2019 0 comments
AKTYALITEPOLITIK

Ofisyèl : Jean Michel Lapin demisyone

by Kreyòl Enfo 22/07/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 22 jiyè 2019.- Nan yon lèt li voye bay prezidan Sena repiblik la jodi lendi 22 jiyè a, prezidan Jovenel Moïse konfime premye minis nome a remèt demisyon li.

Chèf Leta a, toujou nan lèt sa, envite prezidan Sena a, Carl Murat Cantave, nan diskisyon pou chwazi yon nouvo premye minis « jan atik 137 konstitisyon amande a » egzije sa.

Sepandan, plizyè lidè nan opozisyon an deja leve vwa yo pou siyale « peyi a pa gen yon pwoblèm premye minis ». Pou senatè Antonio Chéramy « se sèl prezidan Jovenel Moïse ki pou demisyone pou kriz la rezoud ».

Nap raple prezidan Repiblik la te deziye Jean Michel Lapin premye minis nan dat 8 avril pase a. Men, chèf gouvènman an pat gen chans pase devan palman an pou seyans ratifikasyon. Malgre 2 tantativ, senatè yo pat rive ratifye premye minis lan akoz yon gwoup 4 senatè te anpeche dewoulman seyans sa yo.

Kreyòl Enfo

22/07/2019 0 comments
AKTYALITEENFÒMASYON

PetwoKaribe : Akoz « pwoblèm sante », Jean Max Bellerive pa prezante devan lajistis

by Kreyòl Enfo 20/07/2019
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 20 jiyè 2019 .- Ansyen premye minis Jean Max Bellerive pa rive reponn, ayè vandredi a (19), kesyon jij enstriksyon Ramoncite Accimé sou non l ki site byen fò pami moun ki fè wout kwochi ak lajan Petwo karibe a.

Avoka k ap defann ansyen chèf Primati a, Mèt Joseph Exumé, ki te pase kèk minit nan biwo jij la eksplike se yon pwoblèm lasante ki anpeche kliyan li a prezante devan kabinè enstriksyon. Mèt Exumé anonse li depoze yon rekèt nan biwo jij la pou mande repòte seyans la.

Mèt Ramoncite Accime ki konfime li resevwa rekèt avoka yo di Jean Max Bellerive dwe prezante nan biwo l semèn k ap vini an san li pa presize okenn dat.

Ansyen premye minis Jean Max Bellerive ak plizyè gwo palto ki te nan Leta a jwenn envitasyon jij Ramoncite Accimé pou vin bay eksplikasyon sou dosye PetwoKaribe a .

Kreyòl Enfo

20/07/2019 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.