Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Category:

Uncategorized

EKONOMIUncategorized

Dola ameriken monte, lamizè blayi sou peyi a : Ayiti sou wout yon eklatman sosyal ?

by Kreyòl Enfo 30/01/2019
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, 30 janvye 2019 .– Lamizè ogmante nan tout peyi a depi lè goud la pa sispann pèdi valè devan dola ameriken an, daprè obsèvasyon plizyè ekonomis.

Pwofesè Camille Charlmers ki t ap bat bouch sou sitiyasyon an ak yon gwoup jounalis di tout siyal yo montre Ayiti sou wout yon eklatman sosyal. Ekonomis Etzer Emile, li menm tou, panse peyi a ka tonbe nan yon gwo deblozay sosyal ak politik si otorite yo pa pran rèsponsabilite yo.

Plizyè sitwayen nan kapital la ki pale ak Kreyòl Enfo pa kache kòlè yo devan sitiyasyon malouk sa. Pi fò nan moun sa yo ki pa konn ki sen pou yo priye pou ede yo reziste anba lamizè a prevwa yon gwo latwoublay nan tout peyi a si anyen pa fèt pou redwi lamizè a.

Ayè madi 29 janvye a, yon moun te bezwen 81.50 goud pou yon dola vèt. Prèske chak jou 25 oubyen 50 santim ogmante sou kantite lajan yon moun bezwen pou achte yon dola ameriken. Nan mwa janvye 2018, yon moun te bezwen 64 goud pou yon dola.

Kreyòl Enfo

30/01/2019 0 comments
Uncategorized

Yon mwa aprè, Jovenel Moise pale pou premye fwa sou masak Lasalin nan

by Kreyòl Enfo 10/12/2018
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, lendi 10 desanm 2018.- Nan lokazyon 70e anivèsè Deklarasyon inivèsèl dwa moun, jodi lendi a (10), prezidan Jovenel kondane epi anonse yon ankèt pou fè limyè sou masak Lasalin nan kote pase 60 moun te pèdi lavi yo, daprè yon rapò Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo ( RNDDH).

Chèf Leta di li pap tolere pèsòn touye moun pou fè pèsekisyon politik. Jovenel Moise raple inosan pa dwe peye pou koupab. Prezidan Jovenel Moise di li pase premye minis Jean Henry Céant lòd pou pran tout dispozisyon pou jwenn epi pini tout rèsponsab masak la.

Reprezantan 3 pouvwa yo nan tèt kole ak Misyon nasyozini kap bay lajistis Ayiti bourad (Minijis), inyon ewopeyèn ak sosyete sivil la reyalize yon jounen refleksyon pou fete 70e anivèsè deklarasyon inivèsèl dwa moun Òganizasyon nasyonzini te vote 10 desanm 1948.

Kreyòl Enfo

10/12/2018 0 comments
Uncategorized

Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH

by Kreyòl Enfo 03/12/2018
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, lendi 3 desanm 2018 .-Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (RNDDH, sig nan lang franse) pibliye, pandan wikenn nan, rapò ankèt sou masak bandi ak zam te fè nan katye Lasalin nan kòmansman mwa novanm nan.

Premye novanm 2018, gen senk (5) moun ki pèdi lavil yo epi nèf (9) lòt blese anba bal, daprè enfòmasyon ki nan rapò RNDDH la.

13 novamm 2018, Rezo a rapòte bandi yo masakre senkantnèf (59) moun epi blese senk (5) lòt. 2 sitwayen disparèt depi menm dat la.

Pami moun bandi asasinen 13 novamm yo, Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo konte 16 fanm ak 6 timoun pami yo 2 ti bebe 3 zan.

Zagoloray yo piye epi simen katouch sou anviwon 150 kay nan ki zòn Lasalin, Ri Dèmang ak Ri Dikè. Yo mete dife tou nan plizyè kay Nan Chabon, toujou daprè sa ki nan rapò RNDDH la.

Òganizasyon dwa moun nan siyale masak Lasalin nan se evènman kriminèl ki touye plis moun nan peyi a aprè masak Jan Rabèl ( Nòdwès) nan lane 1986 kote 139 moun te pèdi lavi yo.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo di li jwenn enfòmasyon ki montre gen kòkòday nan mitan bandi ki komèt krim yo ak gwo otorite nan peyi a.

Responsab rezo a kritike administrasyon Moise -Céant a li estime ki pa bay dosye sa enpòtans. Yo konseye lajistis mennen bon jan ankèt epi kondane tout koupab yo.

 

Kreyòl Enfo

03/12/2018 0 comments
Uncategorized

Krim : yon komisè polis mouri anba kout rach nan komin Taba

by Kreyòl Enfo 02/12/2018
Kreyòl Enfo

Pòtoprens, dimanch 2 desanm 2018.- Yon lòt fwa ankò, sanginè lage dèy nan mitan Lapolis. Nan lanwit samdi premye pou louvri dimanch 2 desanm nan, endividi ajan fòs lòd yo poko idantifye touye anba kout rach yon komisè polis nan Taba 52.

Enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo presize komisè polis la ki rele Plymouth Robert resevwa yon kout rach nan tèt pandan li t ap monte machin aprè li fin fèmen biznis li.

Malgre jefò moun nan zòn lan fè pou kouri ak li lopital, komisè Robert rann dènye souf li.

Komisè Plymouth Robert t ap travay nan enspeksyon jeneral enstitisyon lapolis la.

Dalès Buteau

02/12/2018 0 comments
Uncategorized

Okay : patizan pouvwa ak opozisyon ap twoke kòn yo, plizyè makèt piye

by Kreyòl Enfo 20/04/2018
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 20 novanm 2018.- Vil Okay ( depatman Sid) konnen yon twazyèm jounen latwoublay madi 19 novanm nan kote patizan pouvwa a ak manm opozisyon an t ap twoke kòn yo. Pou pi piti yon moun blese nan afwontman sa.

Enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo konfime yon gwoup endividi fè piyaj nan plizyè makèt ak lòt antrepriz nan vil la. Pwotestatè yo te tante mete dife, yon lòt fwa ankò, nan lokal Elektrisite Ayiti (EDH, sig nan lang franse ) ki nan vil la.

Lapolis nan depatman Sid la gen gwo difikilte pou tabli lapè nan vil. Kantite polisye yo ki twò piti se youn nan rezon ki lakoz gen tout latwoublay sa nan vil Okay, daprè kèk temwen.

Nan kòmansmam lanwit la, zam t ap chante nan plizyè katye nan Okay.

20/04/2018 0 comments
Newer Posts
Older Posts

DÈNYE NOUVÈL

  • Nayib Bukele menase pou fini ak gang yo Ayiti si yo pa libere 4 sòlda salvadoryen yo byen vivan

    21/10/2026
  • Anbasadè Salvadò : otorite yo poko rive tabli okenn kontak ak 4 sòlda ki disparèt yo

    20/10/2026
  • 4 sòlda peyi Salvadò ki deplwaye nan Fòs pou Konbat Gang yo disparèt Kwadèboukè

    19/10/2026
  • Lafrans : manifestasyon vyolan kont lavi chè ak move kondisyon nan lekòl piblik yo

    17/10/2026
  • Ayiti, malè pandye sou tèt yon jenerasyon ki gen 250 000 timoun ap soufri ak malnitrisyon

    16/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.