Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

Bukele

AKTYALITEENSEKIRITE

Twa sòlda salvadoryen mouri Ayiti, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a reyaji

by Kreyòl Enfo 21/11/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 21 novanm 2026.- Twa (3) sòlda salvadoryen mouri Ayiti, vandredi 20 novanm 2026 la, aprè eksplozyon yon materyèl 4 sòlda t ap enstale nan yon baz Taba. De (2) nan viktim yo te mouri pandan eksplozyon an menm, lòt la rann dènye souf li sou kabann yon lopital Repiblik Dominikèn. Katriyèm sòlda a ki te blese nan aksidan an toujou ap resevwa laswenyay.

Nan yon kominike ki pibliye aswè vandredi 20 novanm nan, gouvènman an di li aprann ak anpil lapenn nouvèl lanmò sòlda salvadoryen yo. Nan moman difisil sa, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé nan non pèp ayisyen an voye kondoleyans li pou gouvènman peyi Salvadò ansanm pwòch viktim yo.

Etazini atravè anbasad ameriken nan peyi Salvadò  reyaji tou sou lanmò 3 sòlda yo.  Sou rezo sosyal yo, anbasad pote solidarite l bay peyi Salvadò nan moman dèy sa.  Otorite amerikèn yo wete chapo pou salye tou memwa viktim yo ki sakrifye lavi yo pou sèvi lòt yo moun.

Lame Salvadò a ki ogmante operasyon li yo Ayiti depi nan finisman mwa oktòb pase a deja reprann kontwòl plizyè espas tankou estad Sylvio Cator ki te anba kontwòl gang yo depi plizyè Lane.

Kreyòl Enfo 

21/11/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Twa sòlda salvadoryen mouri Ayiti, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a reyaji

    21/11/2026
  • Esklavaj seksyèl nan zòn ki anba kontwòl Viv Ansanm yo : yon zam pou fòse popilasyon an obeyi

    18/11/2026
  • Rankont Trump, Poutine ak Xi Jinping : yon nouvo Yalta?

    18/11/2026
  • Ayiti-Ensekirite : plis pase 1 100 moun mouri nan twa mwa

    13/11/2026
  • Ensekirite : Fòs lòd yo touye yon premye gwo chèf gang nan « Viv Ansanm »

    06/11/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.