Kreyòl Enfo, 19 oktòb 2026 .- Kat (4) sòlda peyi Salvadò ki deplwaye Ayiti nan kad operasyon Fòs pou konbat Gang yo (FRG, sig nan lang franse) disparèt, depi ayè dimanch 18 oktòb la, nan zòn Laplèn, komin Kwadèboukè. Nan yon kominike, Lame peyi Salvadò ki konfime enfòmasyon an presize sòlda yo te pran nan yon zatrap (anbiskad) yon gwoup bandi te tann pou yo pandan yo t ap rantre nan baz nan yon machin blennde.
Gwoup kriminèl yo te itilize zam ak lòt aparèy eksplozif pou pyeje sòlda yo epi mete dife nan machin nan, daprè kominike a. Kominike Lame presize a presize sòlda yo te reyisi soti nan machin nan epi boukante anpil kout bal ak bandi yo.
Depi yèswa, Fòs pou Konbat Gang yo te voye elikoptè epi deplwaye yon gwoup sòlda atè pou soutni sòlda salvadoryen yo. Sepandan, bandi yo rive touche elikoptè a epi fòse fòs lòd yo repliye. Afwontman yo ta pral repann kèk èd tan aprè.
Fòs pou Konbat Gang yo ki anonse y ap kontinye ak operasyon pou rekipere sòlda yo mande abitan k ap viv nan zòn Laplèn rete lakay yo pou yo pa viktim. Kominike Lame Salvadò a pa presize si yo rive lokalize sòlda yo.
Kreyòl Enfo

