Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

APEC

AKTYALITEENTÈNASYONAL

Rankont Trump, Poutine ak Xi Jinping : yon nouvo Yalta?

by Kreyòl Enfo 18/11/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 18 novanm 2026.- Prezidan ameriken Donald Trump rive nan peyi Lachin, jodi mèkredi a, pou patisipe nan yon reyinyon trilateral ansanm ak lidè ris la, Vladimir Poutine ki te deja ateri depi yè madi a epi chèf Leta chinwa a, Xi Jinping. Twa dirijan yo ta dwe diskite sou konfli entènasyonal yo, komès, entèlijans atifisyèl (EA) ak zam nikleyè.

Rankont 3 lidè yo ki prevwa pou demen jedi a, nan vil Shenzhen, ap dewoule nan lokazyon fowòm Koperasyon Ekonomik Azi-Pasifik (Apec). Donald Trump ap gen 2 rankont bilateral tou. Youn ak Xi Jinping epi yon lòt ak Vladimir Poutine.

Sou kontinan ewopeyen an, dirijan yo ap swiv sekans diplomatik sa ak anpil dout. Chanselye Alman an, Frederick Merz, deja mande prezidan Trump pou l  » pa bay sipriz ». Li pè pou lidè ameriken an pa bay Poutine plis avantaj toujou nan negosyasyon sou lagè Ikrèn nan. Komisyon ewopeyèn nan di pèsonn pa gen dwa pran desizyon nan non Ewòp san dirijan ewopeyen yo.

Prezidan Vlodymyr Zelensky, sou bò pa l, di li pè pou somè Shenzhen nan pa tounen yon nouvo Yalta, kote grann pwisans yo antann yo pou repataje espas enfliyans yo nan mond la.

Kreyòl Enfo

18/11/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Twa sòlda salvadoryen mouri Ayiti, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a reyaji

    21/11/2026
  • Esklavaj seksyèl nan zòn ki anba kontwòl Viv Ansanm yo : yon zam pou fòse popilasyon an obeyi

    18/11/2026
  • Rankont Trump, Poutine ak Xi Jinping : yon nouvo Yalta?

    18/11/2026
  • Ayiti-Ensekirite : plis pase 1 100 moun mouri nan twa mwa

    13/11/2026
  • Ensekirite : Fòs lòd yo touye yon premye gwo chèf gang nan « Viv Ansanm »

    06/11/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.