Kreyòl Enfo
Sous enfomasyon an
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
Tag:

2 novanm

OPINYONAKTYALITE

Gede : soti nan kwa Charlemagne Peralte rive nan rezistans kont trèt ak espyon jodi a

by Kreyòl Enfo 02/11/2026
Kreyòl Enfo

Kreyòl Enfo, 2 novanm 2026.- Gede chak 2 novanm se pa sèlman yon fèt pou n al kriye nan simityè, se jou kote memwa pèp ayisyen an reveye pou l pale ak mò yo ki pa janm mouri nan lit klas yo. Nan kilti vodou Ayiti a, Gede se espri ki pa gen dlo nan bouch, li pa pè bayonèt, li pa pè enperyalis, epi li pale verite san bese tèt devan pèpap.

Lè n ap gade istwa lokipasyon ameriken an (1915-1934), dat 2 novanm nan gen yon odè san ak rezistans, kote sakre a rankontre ak politik pou denonse trayizon elit restavèk yo. Nan lanwit 31 oktòb pou louvri premye novanm 1919, enpeyalis ameriken te asasinen Charlemagne Péralte, lidè siprèm Kako yo – peyizan ki t ap goumen pou libète. Jou ki te 2 novanm 1919, blan meriken fè yon sèn makab pou fè pèp la pè, men plan yo a tounen yon pyèj pou pwòp tèt yo: yo mare kadav Péralte sou yon pòt, yo mete yon drapo dèyè l, epi yo ekspoze l sou plas piblik nan vil Ench, Plato Santral.

Yo te kwè mas popilè yo ta pral anvayi ak laperèz, men se kontrè a ki rive. Frap la tounen kont lokipan an. Nan je moun klas popilè yo, imaj sa te reprezante yon mati sou yon kwa, oswa Baron Samdi k ap veye papòt lavi ak lanmò. Péralte te vin tounen premye gwo « Gede politik » nasyon an. Olye zak yo a te kraze moral pèp la, sèn makab sa a te bay mas yo plis kòlè ak fòs pou yo kontinye lit la.

Simityè yo te vin tounen yon basen ideyolojik. Pandan fèt Gede yo, nan dat 2 novanm, pèp la te konn abiye an Gede, yo rantre nan simityè yo, epi sèvi ak satir politik pou pase blan meriken nan rizib, denonse taks ak kòve (travay fòse), epi madichonnen elit lavil la ki t ap banbile ak anvayisè a.

Soti nan Konze ayè pou bout nan espyon ak trèt jodi a

Istwa Charlemagne Péralte se istwa yon lit klas.  Klas k ap domine a toujou pare pou l vann peyi a pou enterè l. Péralte pa te mouri nan yon konba fasafas, se Jean-Baptiste Conzé, yon nèg ki soti nan elit la, ki te pran 9,600 dola nan men meriken pou l te ka trayi frè l epi livre l bay lokipan an. Orijin Conzé se orijin klas restavèk sa ki panse se nan mete jenou  atè devan fòs etranje yo ka garati sekirite ak ti  avantaj ekonomik yo. Lè n ap gade reyalite Ayiti jodi a, Conzé pa mouri, li pito miltipliye.

Sitiyasyon n ap viv jodi a sou rezo sosyal yo ak nan politik la se bon jan kopi lane 1919 yo. Gen yon seri laboratwa politik, enfliyansè, ak lidè lokal ki tounen espyon ak ajan sekrè sou rezo sosyal yo. Y ap manipile enfòmasyon, y ap kraze moral popilasyon an, epi y ap jistifye nouvo fòm okipasyon anba laparans  » pwojè sekirite ». Yo sèvi ak manti sou rezo yo pou yo sal non moun k ap lite epi y ap pwoteje enterè oligachi a.

Klas restavèk la ak yon seri ajan doub alye yo ak pouvwa nan Repiblik Dominikèn pou kraze lit pèp ayisyen an. Pandan y ap maltrete ak depòte frè ak sè nou yo lòt bò fwontyè a. Gen trèt lokal k ap fè jwèt anba chal pou vann resous peyi a, kontwole rezo kontrabann, epi sèvi kòm espyon pou enterè etranje k ap chache destabilize nasyon an.

Se pou Gede a Pale!

Nan jounen 2 novanm sa a, lespri Gede a dwe sèvi nou kòm yon zam pou n dekole mask « Conzé modèn » yo sou rezo ak nan gouvènman yo. Menm jan peyizan yo te sèvi ak fèt lanmò a pou yo te revandike lavi ak libète an 1919, jodi a tou, mas popilè yo dwe sèvi ak tout espas kominikasyon yo pou denonse trèt , espyon , ak tout moun k ap travay kont pèp ayisyen an.

Onè ak respè pou Charlemagne Péralte! Aba tout Conzé modèn! Se pou vwa pèp la kase tout rezo manti yo!

Stanley Jean-Mary

02/11/2026 0 comments

DÈNYE NOUVÈL

  • Etazini : defèt istorik pou Donald Trump ki pèdi majorite nan 2 branch Kongrè a

    04/11/2026
  • Trèt k ap detwi Ayiti yo pa eritye Desalin, daprè Nayib Bukele nan yon mesaj pou pèp ayisyen an

    03/11/2026
  • Etazini :  » midterms », yon eleksyon ki ka chanje politik ameriken nan tout mond la

    03/11/2026
  • Gede : soti nan kwa Charlemagne Peralte rive nan rezistans kont trèt ak espyon jodi a

    02/11/2026
  • Yon òganizasyon ayisyen nan dyaspora a mande Nasyonzini bloke operasyon Salvadò ap prepare kont gang yo

    31/10/2026

ATIK YO PLIS LI

Kreyòl Enfo sou Facebook

  • Facebook
  • Twitter
  • Youtube

Kreyòl Enfo (KE) se premye medya nimerik nan lang kreyòl ayisyen. Fonde nan lane 2016, Kreyòl Enfo trete epi pataje enfòmasyon verifye pou tout ayisyen ki nan katkwen peyi a ak nan dyaspora a konprann san grate tèt. Nou gen misyon bay tout sitwayen lavwa ochapit pandan n ap fè pwomosyon pou lang ak kilti ayisyen an.

Copyright 2016 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Back To Top
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
Kreyòl Enfo
  • AKTYALITE
  • SANTE
  • JISTIS
  • EDIKASYON
  • ENTÈNASYONAL
  • ESPÒ
  • DYASPORA
  • KILTI
  • AGRIKILTI
  • ELEKSYON
  • OPINYON
kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.