Kreyòl Enfo, 16 oktòb 2026.- Ayiti ap benyen nan yon larivyè vyolans ki riske efase tout yon jenerasyon. Dènye chif Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ansanm ak Unicef yo montre gen anviwon 250 000 timoun ki genyen ant 6 ak 59 mwa k ap soufri ak malnitrisyon. Pami yo, 94 mil non sèlman genyen pwoblèm lamanjay, men tou ap soufri ak yon maladi grav.
Ajans Nasyonzini yo konstate grangou ak maladi fin manje vyann sou po ti lanj sa yo epi mete lavi yo andanje si pa gen yon entèvansyon imanitè prese prese.
Tritès, kòlè, raj se kèk pami emosyon ki travèse nenpòt sitwayen ki konsève mounite li lè l ap gade soufrans timoun sa yo ki pa mande plis pase yon plat manje. Sonje, katastwòf biyolojik sa se pa rezilta yon fenomèn natirèl moun pa ka epanye, men pito konsekans dirèk gang kriminèl ki anvayi peyi a epi fè dappiyanp sou popilasyon an.

Dram sa ap devlope pandan tout enstitisyon Leta yo fè fayit. Otorite yo pa montre yo gen volonte oubyen solisyon pou rezoud pwoblèm ensekirite a malgre anpil gwo diskou.
Aksyon vyolan gang yo ki pa sispann fè san koule transfòme lavi nan katye okipe yo tankou yon lanfè. Yon sitiyasyon ki pouse plis pase 1.5 milyon moun abandone kay yo, daprè Òganizasyon Nasyonzini.
Wout nasyonal yo ki anba kontwòl gang nan kowalisyon Viv Ansanm se youn nan rezon ki pwovoke plis grangou nan peyi a. Bandi yo pran plezi nan bloke kamyon machandiz, piye magazen epi bloke èd imanitè òganizasyon entènasyonal yo.
Zagoloray yo pouse menm òganizasyon tankou Medsen San Fwontyè sispann aktivite yo nan divès zòn tankou nan matènite Site Solèy. Sa ki lakoz plizyè fanm ansent ak ti bebe viktim paske yo pa jwenn laswenyay.
Ki avni yon peyi ki abandone plizyè santèn milye timoun san dwa pou yo manje, jwe ak etidye?
Kreyòl Enfo
