Kreyòl Enfo, 7 oktòb 2026 .- Premye minis Alix Didier Fils-Aimé anonse yon anvlòp 105 milyon goud pou repare pak espòtif Stenio Vincent ki nan vil Gonayiv, depatman Latibonit. Chèf gouvènman an presize lajan sa pwograme nan bidjè 2026-2027 ki adòpte 30 septanm pase a.
Alix Didier Fils-Aimé deklare reparasyon teren foutbòl sa se yon etap enpòtan nan estrateji pou bay jèn yo espas espòtif modèn ki reponn ak bezwen yo. Premye minis la kwè foutbòl se yon motè sansibilizasyon, inite ak disiplin. Li raple envesti nan jèn yo jodi a se garanti lavni demen.
Pak Stenio Vincent gen 15 lane depi li pa janm repare. Anpil obsèvatè swete lajan pou reparasyon pak la pa rete sou papye menm jan ak anpil lòt gwo anons otorite yo abitye fè men ki pa janm ateri.
Kreyòl Enfo

