
Kreyòl Enfo, 23 jen 2020.- Tè a tranble byen fò, nan mitan jounen madi 23 jen an, nan peyi Meksik. Daprè espesyalis yo, tranbleman tè sa te gen mayitid 7.5 sou nechèl Ritchter a.
Prezidan Meksik la, Andrés Manuel López Obrador, presize episant tranbleman tè sa te twouve l nan eta Oaxaca. Toutfwa, fenomèn nan souke tout vil Meksiko, kapital peyi a.
Goudougoudou sa te balanse gwo kay balkon yo byen fò epi pouse tout sitwayen kouri pran lari. Sekous yo ki ap kontinye lakoz kèk sitwayen toujou pè rantre lakay yo. Rèsponsab siyale pa gen okenn ris pou « Tsunami » aprè tranbleman tè sa.
Pou pi piti yon moun mouri akoz tranbleman tè a, daprè otorite meksiken yo ki pa ekate posibilite pou gen plis viktim.
Kreyòl Enfo