Kreyòl Enfo, 5 me 2020 .- Yon prizonye mouri, maten dimanch 3 me pase a, nan prizon sivil Okap la, daprè enfòmasyon kolaboratè Kreyòl Enfo nan depatman Nò a konfime.
Prizonye ki mouri a yon se prezime bandi ki rele Mackendy Yacinthe moun plis konnen sou non Pouchon. Bandi sa lapolis te arete 25 avril pase a ta manm gang «Aji Vit» k ap simen latwoublay nan rejyon nò peyi a.
Otorite yo poko bay okenn enfòmasyon ofisyèl sou rezon ki ta lakoz Mackendy Yacinthe, 31, lane pèdi lavi l. Non manm gang « Aji Vit » la site nan plizyè zak asasinay nan vil Okap.
Kreyòl Enfo