Kreyòl Enfo, 15 me 2020 .- Baryòl Jozèf se non yon peyizan ki pèdi lavi l, jedi 14 me a, nan lokalite Deglasi, 2e seksyon komin Lachapèl, depatman Latibonit.

Daprè enfòmasyon yon temwen pataje ak kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan depatman Latibonit la, se yon endividi ki rale zam epi simen katouch sou Baryòl Jozèf pandan li ta prale nan jaden. Viktim nan ki te resevwa plizyè katouch mouri menm kote a.
Aprè zak la, kriminèl la vire do l ale san pwoblèm. Temwen an denonse lapolis ki pa prezan nan lokalite Deglasi malgre move zak toujou ap repete nan zòn nan. Li eksplike se jis Lachapèl polisye yo sòti pou vin mete lapè lè gen latwoublay nan lokalite a.
Endividi pa sispann mete dlo nan je abitan seksyon kominal yo nan depatman Latibonit la. Nan divès komin, bandi pran abitid rantre nan lokalite yo koupe tèt peyizan epi vole bèt yo.
Kreyòl Enfo