Pòtoprens, 22 desanm 2018.- St-Hilaire Charleson se non yon polisye ki tonbe anba bal bandi nan mitan lanwit vandredi 21 pou louvri samdi 22 desanm nan, zòn Kotplaj, komin Kafou.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo se pandan viktim lan t ap soti nan yon disko ki rele « Jwi lavi » zagoloray louvri katouch sou li. Viktim nan te rann dènye souf li lapoula, daprè kèk temwen.
St-Hilaire Charleson ki te soti nan vennkatriyèm (24) pwomosyon nan enstitisyon Lapolis la te nan inite espesyalize Brigad entèvansyon depatmantal (BOID, sig nan lang franse).
Enfòmasyon Kreyòl Enfo rive jwenn fè kwè Enspeksyon jeneral enstitisyon Lapolis la te transfere St-Hilaire Charleson nan Direksyon administratif kòm pinisyon pou move konpòtman.
Kreyòl Enfo