Gonayiv, 16 janvye 2019.- Pwosè kidnapè Clifford Brandt ak akolit li yo sispann, yon lòt fwa ankò, pou madi 29 janvye, aprè Edner Comé, yo sispèk ki te kenbe Nicolas ak Coralie Moscosso te santi yon malèz pandan odyans jodi mèkredi 16 janvye a.
Ansyen enspektè Edner Comé te gentan reponn kesyon tribinal la pandan plizyè èd tan, daprè komisè gouvènman Gonayiv la, mèt Sérard Gazius.
Clifford Brandt deja rekonèt, devan tribinal la, se li menm ki te pase lòd pou fè kidnape 2 manm fanmi Moscosso yo pou yon zafè kontra machin ak Leta ayisyen.
Kreyòl Enfo