Pòdepè, 19 desanm 2018. – Sony Talis, yon jèn ayisyen ki retounen sot Chili semèn pase yo ta touye tèt li, lendi 17 desanm pase a, Nan Demelus, yon lokalite komin Pòdepè. Manman viktim nan jwenn kadav la nan yon latrine ak yon kòd pase nan kou l.
Enfòmasyon ki rive jwenn Kreyòl Enfo (KE) konfime Sony Talis te etidye kontab men, li pat janm rive jwenn yon travay pou pran swen tèt li ak fanmi l. Li eseye touye tèt li deja anba yon tren nan peyi Chili, daprè manman viktim nan ki dezespere aprè dram nan.
Jij depè Jonathan Calixte ansanm ak komisè gouvènman Wilsner Louis te drese konsta legal yo yon ti tan aprè dram nan.
Sony Talis, 35 lane, ki te santi li bouke ak lavi depi l retounen Ayiti ta deja planifye pou retounen nan peyi Chili malgre gouvènman chilyen egzije tout migran ki retounen nan kad pwogram gratis la pou pase 9 lane san rantre Chili.
Kreyòl Enfo