Kreyòl Enfo, 26 janvye 2021.- James Pierrin, yon etidyan nan fakilte Syans Moun (FASCH, sig nan lang franse) blese anba bal lapolis, nan mitan jounen mèkredi a (26), nan zòn Avni Kristòf. Ensidan sa rive pandan yon mouvman pwotestasyon etidyan nan divès fakilte ki nan Inivèsite Leta Ayiti a (ILA) t ap òganize kont kidnaping ak pouvwa Tèt Kale a.

James Pierrin, etidyan FASCH
Pou kounye a, jèn etidyan an ki resevwa yon katouch nan zepòl ap pran laswenyay nan yon lopital nan kapital la. Pa gen gwo danje pou lavi James Pierrin, daprè youn nan kanmarad li ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE).
Etidyan yo k ap mande prezidan Jovenel Moise rèspekte konstitisyon an epi kite pouvwa a 7 fevriye k ap vini la a te mete plizyè barikad nan Avni Kristòf. Pwotèstatè yo ap denonse tou fenomèn kidnaping la yo kwè ki gen men otorite yo ladan l.
Lapolis itilize anpil gaz lakrimojèn ak bal pou kraze mouvman etidyan yo. Anpil obsèvatè regrèt fòs lòd yo pa gen menm detèminasyon an pou kwape machin ensekirite a.
Kreyòl Enfo