Kreyòl Enfo, 18 mas 2020 .- Videyo yon sitwayen ki di li se Ayisyen k ap kritike prezidan Brezil la, Jair Bolsonaro, anfas rezidans li (Palacio da Alvorada), Brazilya, fè laviwonn rezo sosyal la.
Nan videyo amatè sa ki anrejistre aswè lendi 16 mas la, Ayisyen an di « Bolsonaro fini. W ap resevwa mesaj nan telefòn ou. Tout brezilyen ap resevwa mesaj nan telefòn yo. Mesaj pitit ou yo ap voye pou ou nan telefòn. Ou pa prezidan ankò » .
Jair Bolsonaro mande » ki nasyonalite w ? » Jèn Konpatriyòt la reponn « mwen soti Ayiti, men m se brezilyen ». Bolsonaro tante koupe konvèsasyon an pandan li di « m pa konprann ». Men, Ayisyen an replike « ou konprann byen. Ou konprann. Se brezilyen m ap pale ».
Jèn gason an rapouswiv pou di « ou pa prezidan ankò. W ap simaye viris (covid-19) pou touye brezilyen yo. Ou dwe kite pouvwa a ».
Nan moman li di Bolsonaro dwe kite pouvwa a, kèk patizan chèf Leta brezilyen kòmanse fè bri epi mande « sa sa ye la». Avan li monte machin li, prezidan Bolsonaro retounen pale ak pwotestatè a epi di « retounen nan peyi w, menn ».
Ayisyen an fè kritik sa yo kont prezidan Jair Bolsonaro yon jou aprè li te fin patisipe nan yon manifèstasyon kont kongrè brezilyen an malgre rèsponsab lasante yo te mande prezidan an pou izole tèt li akoz yo sispèk li te ka enfekte covid-19 la. 18 manm nan delegasyon ki te vwayaje ak Jair Bolsonaro pou Etazini nan kòmansman mwa mas la enfekte ak kowonaviris.
Hashtag #BolsonaroAcabou (BolsonaroFini) se sijè entènòt yo te plis kòmante sou twitè Brezil pandan jounen madi a.
Kreyòl Enfo