Kreyòl Enfo, 28 jen 2020.- Gwoup Inisyativ pou Inite Kan Pèp la ( GIIKAP) selebre, samdi 27 jen an, 28 lane depi òganizasyon politik sa ap » batay pou demokrasi » nan peyi a. Sekretè pou zafè politik pati a, Mèt Jean Mary Eugène, bay garanti GIIKAP ap kontinye goumen pou defann enterè moun ki pi pòv yo.
Mèt Jean Mary Eugene fè kwè Gwoup Inisyativ pou Inite Kan Pèp la pran anpil gwo angajman nan peyi a pandan 28 lane egzistans pati a. Toutfwa, sekretè pou zafè politik la rekonèt gen anpil konba ki dwe mennen toujou pou pèmèt Ayiti soti sitiyasyon difisil l ap travèse depi digdantan.
Sou deba k ap fèt konsènan manda prezidan Jovenel Moise la, Jean Mary Eugène di 7 fevriye 2021 wèpawè Jovenel Moise dwe kite pouvwa a daprè egzijans konstitisyon an.
Gwoup Inisyativ pou Inite kan Pèp la se yon pati politik ki nan MOPOD, mouvman patriyotik opozisyon demokratik.
Kreyòl Enfo