
Kreyòl Enfo, 19 jen 2020.- Kòdonatris sendika nasyonal polis Ayiti a, Yanick Joseph, remèt demisyon l bay direktè jeneral enstitisyon an Normil Rameau. Yon enfòmasyon Yanick Joseph konfime pou Kreyòl Enfo (KE) nan telefòn.
Nan lèt demisyon sa ki pote dat 18 jen 2020, sendikalis pa kache fristrasyon ak desepsyon li genyen kòm ajan nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH). Li site pou egzanp fanmi polisye ki mouri nan travay yo k ap monte maswife pou viv. Yanick Joseph di se revòltan pou polisye yo pa menm gen sekirite sosyal.
Kòdonatris SPNH-17 la kite lapolis nan moman komisè gouvènman Pòtoprens la entèdi li kite peyi a. Yanick Joseph ta deja remèt tout materyèl lapolis ki te nan men l.
Kreyòl Enfo