Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Entènasyonal

Venezyela mete lapat sou 9 « mèsènè » pami yo 2 ameriken ki t ap tante anvayi peyi a

👤 Kreyòl Enfo 05/05/202005/05/2020
Kreyòl Enfo 05/05/202005/05/2020

Kreyòl Enfo, 5 me 2020 .- Gouvènman venezyelyen an anonse ayè lendi a (4) Lame Nasyonal Bolivaryèn nan tèt kole ak Lapolis venezyelyèn mete anba kòd uit (8) « mesenè » ki t ap tante anvayi Venezyela pandan wikenn nan. Pami endividi otorite peyi Venezyela arete yo gen 2 ameriken.

Prezime mesenè ki t ap tante anvayi Venezyela ( foto TeleSur)

Daprè yon otorite ki t ap bay eksplikasyon nan TeleSur, se abitan nan zòn Chuao, eta Aragua, ki mete lapat sou mèsenè yo. Li presize se moun k ap peche pwason nan lanmè zòn nan ki te sispèk « teyoris » yo epi avize lame a. Gouvènè Aragua a, Rodolfo Marcos Torres, salye kouraj popilasyon lokal la ki pèmèt yo arete endividi sa yo pandan li ajoute « anvayisè yo souzèstime yon pèp ki, ak anpil kouraj, pare pou defann souverènnte peyi l ».

»   Nicolas Maduro bay 72 èd tan pou tout diplomat ameriken kite Venezyela

Uit (8) endividi, pami yo youn nan lidè operasyon teyoris la, Robert Colina Ibarra, moun plis konnen sou non Pantè mouri pandan tantativ envazyon sa, daprè gouvènman venezyelyen an. Mesenè yo ta soti nan peyi Kolonbi.

Minis Enteryè a, Jistis ak Lapè a, Nestor Reverol, anonse yo sezi 10 fizi, yon Glock 9mm, 2 mitrayèt AFAG, sis machin (pikòp), yon lans, 2 kaye ak tout detay sou operasyon an, telefòn satelit, kat idantite, inifòm, yon kas ak drapo Etazini ansanm ak katouch pou divès zam.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
MèsenèNicolas MaduroOperasyon teyorisVenezyela
Kreyòl Enfo

Anvan
Eskandal seksyèl nan sant Kwadèboukè a : patwon FHF la reyaji
Aprè
Kovid-19: Wayòm Ini depase Itali epi tounen peyi ewopeyen kote epidemi an touye plis moun

ou ka enterese

🌔Kowonaviris : Lafrans, 240 moun mouri pandan jounen...

24/03/2020

Yon ayisyen mouri aprè 2 jou li pase...

09/10/2018

Yon jounalis dominiken mouri ak kowonaviris

26/03/2020

Entènasyonal : Lakou Penal entènasyonal bay lòd pou...

15/01/2019

Etazini pase anba epi achte 10 milyon mask...

02/04/2020

Venezyela : lajistis entèdi Juan Guaidó kite peyi...

30/01/2019

Repiblik Dominikèn : 20 moun deja mouri ak...

27/03/2020

Ansyen prezidan ameriken Georges H.W. Bush mouri

01/12/2018

Etazini, kowonaviris touye 2 228 moun pandan yon...

14/04/2020

Kowonaviris : sou yon plas Sen Pyè vid,...

27/03/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
    Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
    Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon  manifestasyon pou senmenn nan
    Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon manifestasyon pou senmenn nan
  • 2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin
    2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.