Kreyòl Enfo, 6 mas 2019 .-Anbasadè plenipotansyè Almay nan peyi Venezyela, Daniel Martin Kriener, gen 24 èd tan pou mare pakèt li epi kite Karakas akoz » li rantre bouch li twò fon nan zafè politik Venezyela « , daprè yon kominike Ministè Afè Etranjè.
Rejim prezidan Nicolas Maduro ap dirije a deklare jodi mèkredi a diplomat Alman an » persona non grata » aprè li te fin deplase pou al resevwa lidè opozisyon an, Juan Guaidó, nan ayewopò lendi pase a.
Tansyon pa sispann bouyi nan mitan Venezyela ak loksidan k ap fòse Nicolas Maduro kite pouvwa a.
Kreyòl Enfo