Kreyòl Enfo, 9 avril 2020 .- Sitiyasyon tansyon nan plizyè zòn nan depatman Nòdès la, aprè midi jedi a (9), kote popilasyon an anpeche otorite yo antere kadav dezyèm moun MSPP konfime ki mouri ak kovid-19 nan peyi a, daprè sa kolaboratè Kreyòl Enfo nan depatman an konstate.
Fòlibète, vil kote viktim nan te rann dènye souf li, pat otorize lantèman an chante. Nan komin Fevrye, popilasyon an te kanpe sou 2 pye militè yo pou anpeche otorite yo antere kadav la nan simityè vil la. Se menm sitiyasyon an nan lokalite Derak ak Mòn Kas kote sitwayen yo anpeche lantèman viktim nouvo kowonaviris la.
Sitwayen nan zòn sa yo anpeche otorite chante lantèman viktim paske, daprè sa kèk nan yo eksplike, se yo ki pou pwoteje tèt yo kont viris la. Yo kwe se boule pou Leta boule kadav moun ki mouri ak kovid-19 yo.
Nan moman n ap ekri tèks la (16:45), otorite nan Nòdès ap pwomennen ak kadav la pou jwenn yon kote pou antere l.
Kreyòl Enfo