Kreyòl Enfo, 30 avril 2020 .- Plizyè moun soti blese aprè midi a pandan eksplozyon yon gwo kamyon sitèn ki t ap transpòte gaz sou Wout 9 la, komin Site Solèy, daprè sa yon kolaboratè Kreyòl Enfo konstate.

Jounalis kameraman nan Radyo Televizyon Karayib, Dieunord Joseph, blese grav pandan ensidan sa, daprè enfòmasyon yon kolaboratè l. Jounalis la ak lòt moun ki viktim nan eksplozyon sa ap resevwa laswenyay nan yon lopital nan kapital la.
Mackenson Remy k ap travay kòm repòtè nan Radyo Karayib tou te prezan pandan ensidan an. Mackenson Rémy, li menm, pa vrèman viktim nan eksplozyon an.
Poko gen okenn enfòmasyon ofisyèl sou rezon ki ta lakoz kamyon sa eksploze.
Kreyòl Enfo