Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Site Solèy, Okay, Wanament… Ayiti « lock », jodi lendi a

👤 Kreyòl Enfo 11/02/2019
Kreyòl Enfo 11/02/2019

Kreyòl Enfo, 11 fevriye 2019 .- Tout aktivite bloke nan kapital la ak divès vil pwovens, jodi lendi a, akoz mouvman pwotestasyon kont lamizè, kòripsyon ak prezidan Jovenel Moise.

Kolaboratè Kreyòl Enfo k ap fè laviwonn kapital la konstate barikad ak kawoutchou ap boule prèske nan tout katye. Komès, transpò, labank pa fonksyone.

(12:50), yon foul ki soti Site Solèy anonse y ap pran direksyon sant vil Pòtoprens. Manifestan yo ki ankòlè ap chante « toutan Jovenel pa ale, yo pap rantre ». Yon manifestasyon k ap soti Kafou ap pran direksyon Channmas tou.

Vil Wanament (Nòdès), sitiyasyon an mangonmen depi byen bonè maten an. Pou pi piti 2 moun ta viktim anba bal, daprè premye enfòmasyon yo.

»   Pòtoprens ak divès vil pwovens mobilize pou chavire Jovenel Moïse

Komin Aken (Sid), anyen pa fonksyone kote se kawoutchou k ap boule ak wòch k ap tire. Pwotestatè yo koupe pye bwa pou fè barikad nan divès ri.

Okay, Okap, Jeremi, Senmak, Gonayiv, Mibalè… se menm sitiyasyon an kote popilasyon an pran lari.

Jodi lendi a fè senkyèm jou depi aktivite yo bloke nan peyi a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Peyi "lock"
Kreyòl Enfo

Anvan
Lekòl pa fonksyone, wòch ap tire : panik nan depatman Nòdès
Aprè
Lapolis fouke yon ansyen ajan ak inifòm USGPN

ou ka enterese

Savann Pistach, bandi atake lapolis epi boule komisarya...

23/12/2018

Toutouni, etidyan nan Inivèsite Leta a pran lari...

03/12/2018

Leta pèdi 19 milya goud akoz kontrebann

28/11/2018

Soti janvye pou rive mwa mas, 13 polisye...

03/04/2019

Ensekirite-Matisan : 2 sitwayen blese anba bal

19/08/2019

Atak kont Eric Jean Baptiste : 17 moun...

22/12/2018

Lapolis fouke yon ansyen ajan ak inifòm USGPN

11/02/2019

Lapolis reprann sèvis nan komisarya Lestè a

06/04/2019

Pwotestasyon kont nouvo komisyon kominal Gonayiv la

10/07/2020

Deblozay pete aprè deklarasyon prezidan Jovenel Moise la

14/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
    Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
  • Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
    Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
  • Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
    Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
  • Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
    Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
  • Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li
    Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.