
Kreyòl Enfo, 23 dawout 2020.- Plizyè depatman nan peyi a kòmanse resevwa, depi douvanjou dimanch la (23), lapli ak gwo van ki akonpaye siklòn Laura. Daprè premye rapò Pwoteksyon sivil, yon ti fi 10 lane pèdi lavil nan sant vil Ansapit, depatman Sidès, aprè yon pye bwa te fin tonbe sou kay kote li te abite a.
Otorite nan divès depatman kontinye ap deplase moun ki abite nan zòn malè pandye yo pou al mete yo nan lòt lokal ki gen plis sekirite otorite yo te prepare pou sa, daprè biwo santral Pwoteksyon sivil. Espesyalis yo konseye tout sitwayen pou pa fè tèt di.
Inite Idwometeyowolojik Ayiti (UHM, sig nan lang franse) raple siklòn Laura ap pote anpil lapli ak gwo van nan plizyè rejyon peyi a . Sa ki ka lakoz inondasyon, lanmè move ak deboulonnay tè.
Rèsponsab yo mete entèdiksyon tou sou tout aktivite ki abitye fèt nan lanmè Ayiti. Okenn ti bato, kannòt, bwafouye oubyen chaloup pa gen dwa sikile nan lanmè a. Yo konseye okenn moun pa eseye travèse larivyè k ap desann.
Pwoteksyon sivil mande popilasyon an kontinye swiv nouvèl sou move tan sa epi aplike konsiy otorite yo.
Kreyòl Enfo