Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Siklòn Laura : alèt nan nivo vijilans wouj sou tout peyi a

👤 Kreyòl Enfo 23/08/202023/08/2020
Kreyòl Enfo 23/08/202023/08/2020

Kreyòl Enfo, 23 dawout 2020 .- Otorite yo nan tèt kole ak Pwoteksyon sivil mete, jodi dimanch la, alèt nan nivo vijilans wouj sou tout peyi a. Yon nivo alèt ki konfime siklòn Laura reprezante yon gwo malè pandye sou peyi a.

Tanpèt twopikal Laura ki kòmanse frape plizyè depatman depi douvanjou dimanch la deja fè anpil dega. Nan komin Ansapit (Sidès), yon tifi 10 lane mouri aprè yon pye bwa te fin tonbe sou yon kay.

Dlo k ap desann bwote 2 machann tou nan zòn « Tèt Dlo », yon lokalite nan komin Petyonvil. Van rache plizyè pye bwa epi kraze plantasyon peyizan yo tou nan divès rejyon peyi a, daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon Kreyòl Enfo (KE)

»   Ayiti-siklòn : 5 moun pou piti deja mouri akoz tanpèt twopikal Laura

Gwo dlo ap desann tou nan basen atifisyèl Pelig la. Pwoteksyon sivil konfime gen mannèv k ap fèt pou deplase abitan soti Pelig pou rive Grandsalin kote flèv Latibonit reprezante yon gwo danje.

Inite Idwometeyowolojik Ayiti ak Pwoteksyon sivil konseye tout moun ki rete nan zòn riske ki abitye gen inondasyon ak deboulonnay tè pou yo deplase. Yo mande sitwayen yo pa chanbe dlo k ap desann epi pa fè tèt di pou yo pa viktim.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Flèv LatibonitSiklòn LauraTanpèt twopikalVijilans wouj
Kreyòl Enfo

Anvan
Siklòn Laura kòmanse frape Ayiti, yon timoun 10 lane mouri Ansapit
Aprè
Ayiti-siklòn : 5 moun pou piti deja mouri akoz tanpèt twopikal Laura

ou ka enterese

Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a konfime manda Jovenel...

07/02/2021

Prezidan Jovenel Moise pral pale ak nasyon an,...

14/02/2019

Jovenel Moise vire paj Céant an epi nome...

21/03/2019

Sendika asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti yo pap...

25/11/2018

Senmak : pandan 2 jou, pase 10 moun...

25/09/2019

Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad...

25/01/2021

Ensekirite : yon polisye tonbe anba bal nan...

20/02/2019

Prezidan Cantave envite tout senatè nan palman an...

17/03/2019

Dlo anvayi sal seyans chanm depite a

22/08/2019

Eskandal seksyèl : plizyè jwè foutbòl fanm akize...

30/04/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
    Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
  • Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
    Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
  • IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
    IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
  • RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
    RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
  • Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
    Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
  • Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
    Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
  • Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap la
    Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap la
  • Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
    Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.