Kreyòl Enfo, 9 jen 2019 .- Tankou sa te anonse aprè piblikasyon dezyèm pati rapò Lakoudèkont sou dosye PetwoKaribe a, 31 me 2019 pase a, sitwayen nan divès vil nan peyi a manifeste jodi dimanch la (9 jen) pou egzije prezidan Jovenel Moïse kite pouvwa a.
Nan vil Senmak (Latibonit), plizyè milye moun pran lari ak pankat, mayo epi bandwòl ki chaje move pawòl kont Chèf Leta a. Manifestan yo ki fè laviwonn « site Nissage Saget » a anonse yo pap sispann manifeste toutotan Jovenel Moïse pa kite tèt peyi a.
Jakmèl (Sidès), se menm sitiyasyon an kote yon foul moun ki te reyini nan mitan vil la egzije demisyon epi arestasyon prezidan Jovenel Moïse yo di ki patisipe nan gagote lajan PetwoKaribe a.
Vil Okap (Nò), pa t diferan pandan jounen dimanch lan tou. Manifestan yo ki te plizyè milye mande yo menm tou demisyon Jovenel Moïse ak arestasyon tout lòt moun ki patisipe nan fè wout kwochi ak lajan Leta.
Yon dividal moun te pran lari nan Kapital la (Pòtoprens) tou jodi dimanch lan toujou kont Chèf Leta a ak lòt moun non yo site nan gaspiyaj lajan PetwoKaribe a. Plizyè lidè politik ak manm sosyete sivil la te prezan nan mouvman pwotretasyon sa.
Nan moman n ap ekri tèks la (4:30 nan aprè midi), sitiyasyon an konpkike nan plizyè zòn nan Kapital la kote bal ap tire epi kawotchou ap boule.
Kreyòl Enfo